Bib Sen An
Sòm Yo 102
Koute lapriyè mwen, O SENYÈ!
Epi kite kri sekou mwen 1rive bò kote Ou.
Pa kache figi Ou sou mwen nan jou gwo twoub mwen an;
Panche zòrèy Ou bò kote m.
Nan jou ke m rele Ou a, 2reponn mwen vit.
Paske jou m yo 3te manje nèt nan lafimen,
e zo m te chofe tankou yon chemine.
Kè m 4fin frape tankou zèb.
Li fennen nèt.
Anverite, mwen bliye manje pen mwen.
Akoz gwo bri kri mwen yo, 5
zo m yo kole sou chè m.
Mwen sanble ak yon 6grangozye nan dezè.
Mwen tankou yon frize nan gran savann.
Mwen 7kouche zye tou louvri.
Mwen tankou yon zwazo izole sou twati kay la.
Lènmi m yo repwoche m tout lajounen.
Sila ki 8moke m yo sèvi ak non mwen kon madichon.
Paske mwen te manje sann kon pen e 9
mele bwason m ak dlo zye m,
akoz endiyasyon avèk kòlè Ou.
Ou te 10leve m wo e te jete m lwen.
Jou m yo tankou yon 11lonbraj ki vin long.
Mwen vin fennen tankou zèb.
Men Ou menm, O SENYÈ, Ou dire jis pou tout tan
E 12non Ou jis a tout jenerasyon yo.
Ou va leve pou fè pitye sou Sion,
paske se lè pou 13fè li gras.
Lè apwente a fin rive l.
Anverite, sèvitè Ou yo twouve plezi nan wòch li yo.
Yo plen tristès akoz pousyè li.
Pou sa, 14nasyon yo va krent non SENYÈ a,
e tout wa latè yo va krent glwa Ou.
Paske se SENYÈ a ki te 15ranfòse Sion.
Li te parèt nan glwa Li.
Li te 16prete atansyon a lapriyè malere yo,
e pa t meprize priyè yo.
Sa va ekri pou jenerasyon k ap vini an.
Pou 17yon pèp ki poko kreye kapab bay lwanj a SENYÈ a.
Li te gade anba soti nan wotè sen Li an. 18
Soti nan syèl la, SENYÈ a te veye sou latè,
pou tande vwa plenyen a prizonye a,
pou 19mete an libète sila ki te kondane a lanmò yo,
Pou lèzòm ta kab 20pale sou non SENYÈ a nan Sion,
e bay lwanj Li nan Jérusalem,
pandan 21pèp yo rasanble ansanm ak
wayòm yo, pou sèvi SENYÈ a.
Li fin febli fòs mwen nan chemen an.
Li 22rakousi nonb de jou mwen yo.
Mwen te di: “O Bondye mwen an, 23
pa rache m nan mitan jou mwen yo.
Ane pa Ou yo dire pandan tout jenerasyon yo.
Depi tan ansyen yo, Ou te 24fonde latè,
e syèl yo se zèv lamen Ou yo.
Malgre yo 25peri, Ou menm va rete toujou.
Wi, tout bagay nan yo va vin epwize tankou yon vètman.
Tankou rad, Ou va chanje yo, e yo va chanje.
Men Ou menm, se menm jan an Ou ye.
Ane pa Ou yo p ap janm fini.
Pitit a sèvitè Ou yo va kontinye,
e desandan pa yo va etabli devan Ou.”
Source notes (25)
- Cross-reference Egz 2:23
- Cross-reference Sòm 69:17
- Cross-reference Sòm 37:20
- Cross-reference Sòm 90:5-6
- Cross-reference Job 19:20
- Cross-reference És 34:11
- Cross-reference Sòm 77:4
- Cross-reference Trav 26:11
- Cross-reference Sòm 42:3
- Cross-reference Job 27:21
- Cross-reference Job 14:2
- Cross-reference Egz 3:15
- Cross-reference És 60:10
- Cross-reference I Wa 8:43
- Cross-reference Sòm 142:2
- Cross-reference Né 1:6
- Cross-reference Sòm 22:31
- Cross-reference Sòm 33:13
- Cross-reference Sòm 146:7
- Cross-reference Sòm 22:22
- Cross-reference Sòm 22:27
- Cross-reference Sòm 39:5
- Cross-reference Sòm 39:13
- Cross-reference Jen 1:1
- Cross-reference És 34:4
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.