Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Sòm Yo 98

Yon Sòm

O chante a SENYÈ a yon chan tounèf, paske Li te fè anpil bèl mèvèy.

Men dwat Li ak 1 bra sen Li yo te vin genyen viktwa pou Li.

SENYÈ a te fè sali Li rekonèt.

Li te 2devwale ladwati Li pou tout nasyon yo wè.

Li te sonje lanmou dous Li a avèk fidelite Li pou lakay Israël.

Rele fò ak jwa a SENYÈ a, tout latè!

Eklate ak chanson, wi chante lwanj Li yo!

Chante lwanj a SENYÈ a avèk ap,

avèk ap ak 3 vwa melodi a.

Avèk 4 twonpèt ak son a kòn.

Rele fò devan Wa a, SENYÈ a.

Kite 5 lanmè a fè gwo bri ak tout sa ki ladann,

Lemonn ak tout sa ki rete ladann yo.

Kite 6 larivyè yo bat men yo.

Kite mòn yo chante ansanm ak jwa

devan SENYÈ a,

paske l ap vini pou jije latè.

Li va jije lemonn ak ladwati Li

E 7pèp yo avèk jistis.

Source notes (7)
  1. Cross-reference És 52:10
  2. Cross-reference És 62:2
  3. Cross-reference És 51:3
  4. Cross-reference Nonb 10:10
  5. Cross-reference Sòm 96:11
  6. Cross-reference Sòm 93:3
  7. Cross-reference Sòm 96:10

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.