Bib Sen An
Sòm Yo 97
SENYÈ a renye, kite latè rejwi!
Kite tout 1 lil yo fè kè kontan!
Nwaj ak fènwa pwofon ap antoure Li. 2
Ladwati avèk jistis se fondasyon twòn Li an.
Se 3 dife ki ale devan L pou brile tout
advèsè Li yo toupatou. 4
Loray Li yo klere tout mond lan.
Latè wè e li tranble.
Mòn yo 5 fonn tankou lasi devan prezans SENYÈ a,
devan prezans SENYÈ tout latè a. 6
Syèl yo deklare ladwati Li e tout pèp yo te wè glwa Li.
Kite tout sila ki sèvi limaj taye yo vin wont,
ki vin ògeye sou zafè 7zidòl yo.
Adore Li, tout dye yo.
Sion te tande sa e 8 te rejwi.
Fi a Sion yo te rejwi akoz jijman Ou, O SENYÈ.
Paske Ou menm se SENYÈ Pi Wo a sou tout latè.
Ou leve 9 pi wo anpil pase tout dye yo. 10
Nou menm ki renmen SENYÈ a, rayi mal la!
Li pwoteje nanm a fidèl Li yo.
Li delivre yo nan men a mechan yo.
Se limyè ki simen kon semans pou moun ladwati yo,
ak 11kè kontan pou sila ak kè ki dwat yo.
Fè kè kontan nan SENYÈ a, nou menm ki moun dwat yo e
bay remèsiman a non sen Li an.
Source notes (11)
- Cross-reference És 42:10-12
- Cross-reference Sòm 89:14
- Cross-reference Mal 4:1
- Cross-reference Egz 19:16
- Cross-reference Sòm 46:6
- Cross-reference Sòm 19:1
- Cross-reference Sòm 106:36
- Cross-reference Sòm 48:11
- Cross-reference Sòm 83:18
- Cross-reference Sòm 34:14
- Cross-reference Sòm 64:10
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.