Bib Sen An
Sòm Yo 96
Chante a SENYÈ a yon 1 chan tounèf!
Chante a SENYÈ a tout latè a.
Chante a SENYÈ a!
Beni non Li! 2
Pwoklame bòn nouvèl Sali a Li de jou an jou.
Pale 3 glwa Li pami nasyon yo,
zèv mèvèy Li yo pami tout pèp yo.
Paske gran se SENYÈ a!
Li merite gran lwanj.
Fòk Li resevwa krentif nou 4pi wo ke tout dye yo.
Paske tout dye a pèp yo se zidòl,
men SENYÈ a te fè syèl yo. 5
Tout bèlte ak majeste devan L.
Pwisans ak bèlte rete nan sanktyè Li a.
Bay a SENYÈ a, O fanmi a pèp yo, 6
bay a SENYÈ a glwa ak pwisans.
Bay a SENYÈ a 7 glwa a non Li.
Pote yon ofrann e antre nan lakou Li yo.
Adore SENYÈ a nan abiman ki sen. 8
Tranble devan L, tout latè a.
Pale pami nasyon yo, “SENYÈ a renye.”
Anverite, mond lan etabli byen solid.
Li p ap ebranle menm.
SENYÈ a va jije pèp yo avèk jistis.
Kite 9 syèl yo vin kontan e kite latè rejwi.
Kite lanmè a fè gwo bri ansanm ak tout sa ki ladann.
Kite chan yo leve fè kè kontan, ak tout sa ki ladann yo.
Epi tout 10bwa nan forè yo va chante ak jwa
devan SENYÈ a, paske L ap vini.
Paske L ap vini pou jije latè. 11 Li va jije mond lan
avèk ladwati e pèp yo ak fidelite Li.
Source notes (11)
- Cross-reference Sòm 40:3
- Cross-reference Sòm 71:15
- Cross-reference Sòm 145:12
- Cross-reference Sòm 95:3
- Cross-reference Sòm 104:1
- Cross-reference I Kwo 16:28-29
- Cross-reference Sòm 79:9
- Cross-reference Sòm 33:8
- Cross-reference Sòm 69:34
- Cross-reference És 44:23
- Cross-reference Rev 19:11
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.