Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Sòm Yo 95

O vini, annou chante a SENYÈ a!

Annou rele fò avèk jwa a wòch ki sove nou an;

Annou vini devan prezans Li avèk remèsiman,

Annou rele fò a Li menm avèk sòm.

Paske SENYÈ a se yon 1 gran Bondye, e

yon gran wa pi wo ke tout dye yo.

Nan men Sila 2 pwofondè latè yo ye a.

Pwent mòn yo osi se pou Li.

Lanmè a se pou Li, paske se te Li menm 3 ki te fè l.

Ak men L, Li te fòme tè sèch la.

Vini, annou fè adorasyon, e annou pwostène.

Annou mete ajenou devan SENYÈ 4 ki te fè nou an.

Paske se Li menm ki Bondye nou an.

Nou se moun patiraj Li ak mouton men Li yo. 5

Jodi a, si nou ta vle tande vwa L,

pa fè kè nou vin di tankou nan 6 Meriba,

tankou nan jou a Massa nan dezè yo,

“lè papa zansèt nou yo te 7 pase M a leprèv.

Yo te tante Mwen, malgre yo te deja wè zèv Mwen yo.

Pandan 8 karantan, Mwen te rayi jenerasyon sila a e te di:

“Yo se yon pèp ki egare nan kè yo.

Yo pa rekonèt chemen Mwen yo.”

Akoz sa, Mwen te sèmante nan kòlè Mwen,

“Anverite, yo p ap antre nan 9repo Mwen an.”

Source notes (9)
  1. Cross-reference Sòm 48:1
  2. Cross-reference Sòm 135:6
  3. Cross-reference Jen 1:9-10
  4. Cross-reference Sòm 100:3
  5. Cross-reference Eb 3:7-11-15
  6. Cross-reference Egz 17:2-7
  7. Cross-reference Nonb 14:22
  8. Cross-reference Trav 7:36
  9. Cross-reference Det 12:9

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.