Bib Sen An
Sòm Yo 94
O SENYÈ, Bondye a 1 vanjans lan,
Bondye a vanjans lan, kite limyè vin parèt!
Vin leve, O 2 Jij sou tè a.
Bay rekonpans a moun ògeye yo.
Pou konbyen de tan mechan yo, O SENYÈ,
pou konbyen de tan 3 mechan yo va leve tèt yo wo?
Yo vide pawòl yo, yo pale avèk ògèy.
Tout moun ki fè mechanste yo 4 vante tèt yo.
Yo kraze pèp Ou a, O SENYÈ. 5
Yo aflije eritaj Ou a.
Yo 6 touye vèv yo avèk etranje a.
Yo asasine òfelen yo. 7
Yo fin di: “SENYÈ a pa wè, ni Bondye
Jacob la p ap okipe sa a.”
Veye sa a, nou menm ki 8 ensansib pami pèp la;
Kilè n ap konprann, nou menm ki bèt?
Sila ki te 9 plante zòrèy la, èske Li pa tande?
Sila ke te fòme zye a, èske Li pa wè.
Sila ki fè chatiman nasyon yo,
èske Li p ap fè repwòch?
Sila ki 10enstwi lòm; Li konnen!
SENYÈ a 11 konnen panse a lòm,
ke se sèlman yon souf ke yo ye.
Beni se nonm ke Ou bay chatiman an,
O SENYÈ,
ke Ou 12 enstwi nan lalwa Ou a,
pou Ou kapab bay li sekou nan 13jou advèsite yo,
jiskaske yon fòs fin fouye pou mechan yo.
Paske SENYÈ a p ap abandone pèp Li a,
ni Li p ap 14 lage pèp eritaj Li a.
Paske 15 jijman an va devni dwat ankò e
tout pèp ladwati yo va swiv li.
Se kilès ki va 16 kanpe pou mwen kont malfektè yo?
Se kilès ki va pran pozisyon li pou mwen kont sila ki fè mechanste yo?
Si 17 SENYÈ a pa t sekou mwen,
nanm mwen ta fin abite nan andwa silans lan.
Si mwen ta di: 18 “Pye m glise,”
Lanmou dous Ou a, O SENYÈ, va kenbe m.
Lè panse twoub mwen yo vin ogmante anndan m, 19
konsolasyon Ou yo fè kè m kontan.
Èske yon 20 twòn mechan kapab fè amitye avèk Ou?
Yon moun ki imajine fè mal pa dekrè?
Yo vin reyini ansanm kont lavi moun dwat yo,
e 21 kondane inosan yo a lanmò.
Men SENYÈ a se toujou sitadèl mwen e
Bondye mwen an, 22wòch ki pwoteje mwen an.
Li te fè mechanste pa yo retounen sou yo, e
va 23 koupe retire yo nèt nan mechanste pa yo.
SENYÈ nou an va koupe retire yo.
Source notes (23)
- Cross-reference Det 32:35
- Cross-reference Jen 18:25
- Cross-reference Job 20:5
- Cross-reference Sòm 10:3
- Cross-reference És 3:15
- Cross-reference És 10:2
- Cross-reference Job 22:13
- Cross-reference Sòm 92:6
- Cross-reference Egz 4:11
- Cross-reference Job 35:11
- Cross-reference Job 11:11
- Cross-reference Sòm 119:171
- Cross-reference Sòm 49:5
- Cross-reference Sòm 37:28
- Cross-reference Sòm 97:2
- Cross-reference Nonb 10:35
- Cross-reference Sòm 124:1-2
- Cross-reference Sòm 38:16
- Cross-reference És 57:18
- Cross-reference Am 6:3
- Cross-reference Egz 23:7
- Cross-reference Sòm 18:2
- Cross-reference Sòm 7:16
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.