Bib Sen An
Sòm Yo 93
SENYÈ a renye!
Li abiye an majeste!
SENYÈ a te abiye Li ak fòs.
Anverite, mond lan etabli byen solid.
Li pa ebranle menm.
Twòn Ou etabli depi tan ansyen an.
Ou la depi nan etènite.
Flèv yo te leve, O SENYÈ,
Flèv yo te leve vwa yo, flèv yo te leve gwo vag frapan yo.
Plis pase bri a anpil dlo, pase gwo vag lanmè debòde,
SENYÈ anwo a pwisan. 1
Regleman Ou yo kanpe nèt;
Sentete byen bèl lakay Ou a
O SENYÈ, jis pou tout tan.
Source notes (1)
- Cross-reference Sòm 19:7
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.