Bib Sen An
Sòm Yo 92
Yon Sòm. Yon chan pou jou Saba a
Li bon pou bay lwanj a SENYÈ a,
pou chante lwanj a non Ou, O Pi Wo a,
pou deklare lanmou dous Ou nan maten
avèk 1fidelite Ou nan lannwit,
avèk 2 lenstriman a kòd e avèk ap,
avèk mizik ki retanti sou lir.
Paske Ou menm, O SENYÈ, te fè m kontan avèk sa Ou te fè a.
Mwen va chante chan viktwa a akoz 3zèv men Ou yo.
A la zèv Ou yo gran, O SENYÈ!
Panse Ou yo byen pwofon.
Yon 4 nonm ensanse pa gen konesans,
ni yon nonm bèt pa konprann sa:
Ke lè mechan yo te pouse tankou zèb la,
e tout sa ki fè inikite t ap byen reyisi yo,
se te pou yo ta kapab 5detwi jis pou tout tan.
Men Ou menm O SENYÈ, Ou 6 an wo jis pou tout tan.
Paske gade byen, lènmi Ou yo, O SENYÈ,
paske gade byen, 7 lènmi Ou yo va peri.
Tout moun ki fè inikite yo va gaye nèt.
Men Ou te fè kòn mwen an leve wo tankou bèf mawon.
Mwen te onksyone avèk lwil nèf.
Epi zye mwen vin 8 gade avèk kè kontan
malfektè ki leve kont mwen yo.
Moun dwat la va fleri tankou palmis.
Li va grandi tankou pye sèd nan Liban.
Plante lakay SENYÈ a, yo va fleri tankou palmis.
Yo va fleri nan lakou kay Bondye nou an.
Yo va 9 bay fwi toujou lè yo vin vye.
Yo va plen ak dlo bwa vèt.
Y ap rete vèt nèt.
Konsa, yo deklare ke SENYÈ a toujou dwat.
Li se wòch mwen,
e 10 nanpwen anyen ki pa dwat nan Li.
Source notes (10)
- Cross-reference Sòm 89:1
- Cross-reference I Sam 10:5
- Cross-reference Sòm 8:6
- Cross-reference Sòm 49:10
- Cross-reference Sòm 37:38
- Cross-reference Sòm 83:18
- Cross-reference Sòm 37:20
- Cross-reference Sòm 54:7
- Cross-reference Pwov 11:30
- Cross-reference Wo 9:14
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.