Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Sòm Yo 91

Sila ki rete nan abri Pi Wo a va poze nan 1lonbraj Toupwisan an.

Mwen va di a SENYÈ a:

“Se Li ki sitadèl mwen an, ak Bondye mwen an.

Se nan Li mwen mete 2konfyans!”

Paske se Li menm ki delivre ou soti nan pèlen a chasè a,

ak 3 ravaj gwo maladi yo.

Li va 4 kouvri ou ak plim Li yo.

Anba zèl Li, ou kapab chache pwotèj.

Fidelite Li se yon boukliye ak yon ranpa.

Ou p ap pè laperèz lannwit, ni 5flèch k ap vole lajounen,

ni gwo maladi ki swiv nan fènwa,

ni destriksyon ki devaste a midi.

Yon milye kapab tonbe bò kote dwat ou,

ak di mil sou men agoch ou,

men 6 sa p ap pwoche ou.

Ou va sèlman gade avèk zye ou pou 7

wè rekonpans a mechan yo.

Paske ou te fè SENYÈ a, vin 8 sekou ou,

menm Pi Wo a, kote pou ou rete. 9

Nanpwen mal k ap rive ou,

Ni okenn toumant k ap pwoche tant ou.

Paske Li va bay 10 zanj Li yo lòd konsènan ou menm,

pou veye ou nan tout chemen ou yo.

Yo va 11 leve ou byen wo nan men yo,

pou ou pa frape pye ou kont wòch.

Ou va 12 pile sou lyon an ak koulèv la.

Jenn lyon an avèk sèpan an, ou va foule yo nèt.

Paske li te renmen M konsa,

pou sa, Mwen va delivre li.

Mwen va 13mete li byen solid an wo,

akoz li te rekonèt non Mwen.

Li va 14 fè apèl non Mwen e Mwen va reponn li.

Mwen va avèk Li nan tan twoub la.

Mwen va delivre li e bay li lonè.

Mwen va satisfè li avèk yon lavi ki long,

e kite li wè sali mwen.

Source notes (14)
  1. Cross-reference Sòm 17:8
  2. Cross-reference Sòm 25:2
  3. Cross-reference I Wa 8:37
  4. Cross-reference És 51:16
  5. Cross-reference Sòm 64:4
  6. Cross-reference Jen 7:23
  7. Cross-reference Sòm 37:34
  8. Cross-reference Sòm 91:2
  9. Cross-reference Pwov 12:21
  10. Cross-reference Sòm 34:7
  11. Cross-reference Mat 4:6
  12. Cross-reference Jij 14:6
  13. Cross-reference Sòm 59:1
  14. Cross-reference Job 12:4

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.