Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Sòm Yo 86

Yon priyè a David

Prete m zòrèy Ou, O SENYÈ e reponn mwen.

Paske mwen 1 aflije e malere. 2

Konsève nanm mwen, paske mwen se yon nonm fidèl.

Ou menm, Bondye mwen an,

sove sèvitè Ou ki mete konfyans nan Ou a.

Montre m gras Ou, O SENYÈ, paske

se 3 a Ou menm mwen kriye tout lajounen.

Fè nanm a sèvitè Ou a kontan,

paske a Ou menm, SENYÈ, mwen leve nanm mwen.

Paske Ou menm, Senyè a,

Ou plen bonte e Ou 4prèt pou padone,

ranpli avèk lanmou dous, pou tout sila

ki rele sou non Ou yo. 5

Prete zòrèy Ou, O SENYÈ, a lapriyè mwen.

Prete atansyon a vwa siplikasyon mwen yo.

Nan jou twoub mwen an, mwen va rele Ou,

paske 6 Ou va reponn mwen.

Nanpwen tankou Ou pami dye yo, O Senyè,

ni nanpwen zèv 7 tankou pa Ou yo. 8

Tout nasyon ke Ou te fè yo, va vini pou

adore devan Ou, O Senyè,

e yo va bay non Ou glwa.

Paske Ou gran e 9fè zèv ki mèvèye.

Se Ou sèl ki Bondye.

Montre m chemen Ou an, O SENYÈ.

Mwen va mache nan verite Ou. 10

Fè kè m dispoze pou krent non Ou.

Mwen va 11 ba Ou remèsiman,

O SENYÈ, Bondye mwen an, avèk tout kè m.

Mwen va bay glwa a non Ou jis pou tout tan.

Paske lanmou dous Ou anvè mwen gran,

e Ou te 12 delivre nanm mwen soti nan fon sejou lanmò yo.

O Bondye, mesye awogan yo te 13 leve kont mwen,

yon bann mesye vyolan ap chache lavi mwen.

Yo pa mete Ou devan yo.

Men Ou menm, O SENYÈ,

Ou se yon Bondye ki 14 plen ak gras avèk mizerikòd,

lan nan kòlè e plen avèk lanmou dous ak verite.

Vire vè mwen e fè m gras.

O 15 dispoze fòs Ou a sèvitè Ou a,

e fè sekou a fis a sèvant Ou a.

Montre m yon sign bonte Ou,

pou sila ki rayi mwen yo kapab wè l e vin wont.

Paske Ou menm, O SENYÈ, 16 te fè m sekou, e te konsole mwen.

Source notes (16)
  1. Cross-reference Sòm 40:17
  2. Cross-reference Sòm 25:20
  3. Cross-reference Sòm 25:5
  4. Cross-reference Sòm 130:4
  5. Cross-reference Sòm 55:1
  6. Cross-reference Sòm 17:6
  7. Cross-reference Det 3:24
  8. Cross-reference Sòm 22:27
  9. Cross-reference Egz 15:11
  10. Cross-reference Jr 32:39
  11. Cross-reference Sòm 111:1
  12. Cross-reference Sòm 30:3
  13. Cross-reference Sòm 54:3
  14. Cross-reference Sòm 86:5
  15. Cross-reference Sòm 68:35
  16. Cross-reference Sòm 78:69

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.