Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Sòm Yo 87

Yon Sòm a fis a Koré yo; Yon Chan

1

Fondasyon Li nan mòn sen yo.

SENYÈ a 2 renmen pòtay Sion yo

plis pase tout lòt abitasyon a Jacob yo.

Yo pale sou gran mèvèy ou,

O 3 gran vil Bondye. Tan

Mwen va mete 4 Rahab avèk Babylone

pami sila ki rekonèt Mwen yo.

Men vwala, Philistie, Tyr, avèk Éthiopie:

“Tèl moun te fèt la”.

Men selon Sion, li va pale,

“Sa a ak sila a fèt ladann.”

Pi Wo a, Li menm, va 5 etabli Sion.

SENYÈ a va konte lè Li 6 anrejistre

tout pèp yo: “Sa a te fèt la”. Tan

Epi sila ki chante ansanm avèk sila ki jwe flit yo va di:

“Tout 7 sous bwote yo, se nan ou”.

Source notes (7)
  1. Cross-reference Sòm 78:69
  2. Cross-reference Sòm 78:67-68
  3. Cross-reference Sòm 46:4
  4. Cross-reference Job 9:13
  5. Cross-reference Sòm 48:8
  6. Cross-reference Sòm 69:28
  7. Cross-reference Sòm 36:9

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.