Bib Sen An
Sòm Yo 85
Pou direktè koral la; Yon Sòm a fis a Koré yo
O SENYÈ, Ou te montre favè Ou a peyi Ou a.
Ou te 1 restore kaptivite a Jacob la.
Ou te 2 padone inikite a pèp Ou a.
Ou te kouvri tout peche yo.
Ou te retire tout gran kòlè Ou.
Ou te 3 detounen kòlè Ou ki brile a.
Restore nou, O Bondye a sali nou an,
e 4fè endiyasyon Ou anvè nou, sispann.
Èske 5 Ou va fache avèk nou jis pou tout tan?
Èske Ou va pwolonje kòlè Ou jis a tout jenerasyon yo?
Èske se pa Ou menm ki pou fè nou 6 reprann ankò?
Pou pèp Ou a kapab rejwi nan Ou?
Montre nou lanmou dous Ou a, O SENYÈ. 7
Pèmèt nou resevwa sali Ou a.
Mwen va tande sa ke Bondye, SENYÈ a, va di.
Paske L ap 8 pale lapè a pèp Li a, a fidèl Li yo,
men pa kite yo retounen nan foli yo.
Anverite, sekou Li toupre a sila ki gen lakrent Li yo,
pou laglwa Li kapab rete nan peyi nou an.
Lanmou dous avèk verite te vin jwenn ansanm. 9
Ladwati avèk lapè te vin bo youn lòt.
Verite 10 vòltije sòti nan latè, e
Ladwati veye depi anwo nan syèl la.
Anverite, SENYÈ a va bay sa ki bon,
e 11 peyi nou an va bay rekòlt li.
Ladwati va mache devan L.
L ap prepare yon gran chemen pou mak pla pye Li yo.
Source notes (11)
- Cross-reference Egz 1:11
- Cross-reference Nonb 14:19
- Cross-reference Egz 32:12
- Cross-reference Dan 9:16
- Cross-reference Sòm 74:1
- Cross-reference Sòm 71:20
- Cross-reference Sòm 106:4
- Cross-reference Sòm 29:11
- Cross-reference Sòm 72:3
- Cross-reference És 45:8
- Cross-reference Lev 26:4
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.