Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Sòm Yo 84

Pou direktè koral la; sou gitia la. Yon Sòm a fis a Koré yo.

A la abitasyon Ou yo bèl, O SENYÈ dèzame yo! 1

Nanm mwen anvi e menm gen gwo dezi pou lakou SENYÈ a.

Kè m ak chè m chante avèk jwa a Bondye vivan an.

Zwazo a osi te twouve yon kay, e

iwondèl la yon nich pou li menm,

kote li kapab swaye pitit li yo pre lotèl Ou yo,

Oh Wa m ak Bondye m.

A la 2 beni sila ki demere nan lakay Ou yo beni!

Y ap ba Ou lwanj jis pou tout tan.

A la beni nonm ki 3 gen fòs li nan Ou,

Nan kè a sila lide fè wout nan gran chemen vè Sion an ye.

Lè yo pase nan vale Baca a, yo fè l fè yon sous; 4

Premye lapli a kouvri li avèk benediksyon.

Yo sòti nan fòs pou antre nan fòs yo.

Yo chak parèt devan Bondye nan Sion.

O SENYÈ dèzame yo, tande lapriyè mwen.

Prete zorèy Ou, O 5 Bondye Jacob la! Tan

Gade byen boukliye nou an.

Gade sou vizaj 6 onksyone Ou a.

Paske 7 yon sèl jou nan lakou Ou a,

pi bon pase mil jou deyò.

Pito m te jeran pòt lakay Bondye mwen an,

pase pou m ta abite nan tant a mechan yo.

Paske SENYÈ a, Bondye a, se 8 yon solèy ak yon boukliye.

SENYÈ a va bay gras avèk glwa.

Li pa refize anyen ki bon a sila ki mache dwat yo.

O SENYÈ dèzame yo!

A la moun ki mete konfyans li nan Ou a beni!

Source notes (8)
  1. Cross-reference Sòm 42:1-2
  2. Cross-reference Sòm 65:4
  3. Cross-reference Sòm 81:1
  4. Cross-reference Sòm 107:35
  5. Cross-reference Sòm 81:1
  6. Cross-reference I Sam 16:6
  7. Cross-reference Sòm 27:4
  8. Cross-reference És 60:19-20

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.