Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Sòm Yo 83

Yon Chan. Yon Sòm Asaph

O Bondye, 1 pa rete an silans.

Pa fè silans, O Bondye.

Pa rete trankil.

Paske gade byen, lènmi Ou yo ap fè zen.

Sila ki rayi Ou yo leve tèt yo byen wo.

Yo fè plan malen kont pèp Ou a.

Yo fè konplo ansanm kont sila ki se trezò Ou.

Yo te di: “Vini, 2 annou disparèt yo nèt kon nasyon,

pou non Israël la pa sonje ankò menm.”

Paske yo te 3 fè konplo ansanm ak yon sèl panse.

Kont Ou menm, yo fè yon akò.

Tant a Édom avèk Izmayelit yo, Moab ak Agarenyen yo,

Guebal, Ammon, Amalek, Filisten yo avèk pèp Tyr yo;

Anplis, Asiryen yo te vin jwenn ansanm avèk yo,

yo te prete lamen a 4 pitit a Lot yo. Tan

Aji avèk yo 5 tankou Madian,

tankou avèk Sisera ak Jabin nan ravin Kison an!

Ki te fin detwi nan En-Dor,

ki te 6 vin tankou fimye sou latè.

Fè tout chèf yo tankou Oreb avèk Zeeb

e tout prens yo tankou 7Zébach avèk Tsalmunna,

Ki te di: 8 “Annou vin posede patiraj Bondye yo pou kont nou.”

O Bondye mwen, fè yo tankou pousyè toubiyon!

Tankou pay devan van!

Tankou 9 dife ki brile forè a, ak flanm ki

limen nan tout mòn nan pou yo brile nèt.

Konsa, kouri dèyè yo 10 avèk tanpèt Ou

e teworize yo ak gwo siklòn Ou. 11

Plen figi yo ak gwo wont,

pou yo kab chache non pa Ou, O SENYÈ.

Kite yo vin 12 wont e dekouraje jis pou tout tan.

Wi, kite yo imilye e peri,

pou yo kapab konnen ke se Ou menm sèl

ki pote non “Bondye”, 13Pi Wo sou tout tè a.

Source notes (13)
  1. Cross-reference Sòm 28:1
  2. Cross-reference Est 3:6
  3. Cross-reference Sòm 2:2
  4. Cross-reference Det 2:9
  5. Cross-reference Jij 7:1-24
  6. Cross-reference So 1:17
  7. Cross-reference Jij 8:12-21
  8. Cross-reference II Kwo 20:11
  9. Cross-reference És 9:18
  10. Cross-reference Job 9:17
  11. Cross-reference Job 10:15
  12. Cross-reference Sòm 35:4
  13. Cross-reference Sòm 9:2

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.