Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Sòm Yo 82

Yon Sòm Asaph

Bondye vin kanpe nan mitan pwòp asanble Li a.

Li fè jijman nan mitan 1dye yo.

Pou konbyen de tan nou va jije san jistis,

e 2montre favè a mechan yo?

“Fè defans fèb yo ak òfelen yo.

Fè jistis a aflije ak malere yo. 3

Sove fèb yo ak malere yo.

Delivre fè yo sòti nan men a mechan yo.”

Yo pa konnen ni yo pa konprann.

Yo 4mache toupatou nan fènwa.

Tout fondasyon tè yo fin souke nèt.

Mwen 5 te di: “Se dye ke nou ye,

e nou tout se fis a Pi Wo a.

Sepandan, 6 nou va mouri tankou moun,

e tonbe tankou nenpòt nan prens yo.”

Leve, O Bondye, jije tè a!

Paske se Ou ki 7posede tout nasyon yo.

Source notes (7)
  1. Cross-reference Egz 21:6
  2. Cross-reference Det 1:17
  3. Cross-reference Job 29:12
  4. Cross-reference Pwov 2:13
  5. Cross-reference Sòm 82:1
  6. Cross-reference Job 21:32
  7. Cross-reference Sòm 2:8

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.