Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Sòm Yo 81

Pou direktè koral la; pou jwe sou Gitia la. Yon Sòm Asaph

Chante avèk jwa a Bondye ki se fòs nou!

Rele fò ak jwa a 1Bondye a Jacob la!

Leve yon chan, bat 2 tanbouren an,

gita ak son ki dous la ansanm avèk ap la.

Sone twonpèt la nan nouvèl lin nan,

sou plèn lin nan, nan jou 3fèt nou an.

Paske se yon règleman Israël,

yon òdonans a Bondye Jacob la.

Li te etabli li kon yon temwayaj nan Joseph

lè li te 4 ale toupatou nan peyi Égypte la.

Mwen te tande yon lang ke M pa t konnen.

Mwen te retire fado a sou zepòl li.

Men li yo te vin lib panyen an.

Ou te 5 rele nan twoub la e Mwen

te fè ou sekou.

Mwen te reponn Ou nan plas kote tonnè a kache a.

Mwen te fè ou pase eprèv nan dlo Meriba yo. Tan

Tande, O pèp Mwen an e Mwen va korije nou.

O Israël, si ou 6 ta koute Mwen!

Pa kite okenn dye etranje rete pami nou.

Ni nou pa pou adore okenn dye etranje. 7

Mwen menm, SENYÈ a, se Bondye nou an,

ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte la.

Ouvri bouch nou byen laj e mwen va ranpli li.

Men pèp Mwen an 8 pa t koute vwa M.

Ni Israël pa t obeyi Mwen.

Akoz sa, Mwen te 9 lage yo a kè di yo,

pou mache nan pwòp manèv yo.

O ke pèp Mwen an ta koute Mwen,

ke Israël ta 10 mache nan vwa Mwen yo!

Mwen ta 11 soumèt lènmi yo byen vit

e ta vire men m kont advèsè yo. 12

Sila ki rayi SENYÈ yo ta tresayi devan Li menm

e pinisyon yo ta pou tout tan.

Men ou menm, Mwen ta nouri ou avèk 13 pi bon kalite ble a.

Avèk siwo ki sòti nan wòch, Mwen ta satisfè ou.

Source notes (13)
  1. Cross-reference Sòm 84:8
  2. Cross-reference Egz 15:20
  3. Cross-reference Lev 23:24
  4. Cross-reference Egz 11:4
  5. Cross-reference Egz 2:23
  6. Cross-reference Sòm 95:7
  7. Cross-reference Egz 20:2
  8. Cross-reference Det 32:15
  9. Cross-reference Job 8:4
  10. Cross-reference Sòm 128:1
  11. Cross-reference Sòm 18:47
  12. Cross-reference Wo 1:30
  13. Cross-reference Det 32:14

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.