Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Sòm Yo 80

Pou direktè koral la; pou jwe a “Lis Akò Yo”. Yon Sòm Asaph

O prete zòrèy Ou, Bèje Israël la,

Ou menm ki mennen Joseph tankou yon twoupo,

Ou menm ki 1 chita sou twòn anwo cheriben yo, se pou ou briye.

Devan Éphraïm avèk Benjamin ak Manassé, fè vire tout fòs Ou.

Vin bannou sekou!

O Bondye, restore nou! 2

Fè vizaj Ou briye sou nou

e nou va sove.

O Bondye dèzame yo, 3

pou konbyen de tan Ou va fache kont lapriyè a pèp Ou a?

Ou te bay yo 4 pen fèt ak dlo ki t ap sòti nan zye yo.

Ou te fè yo bwè dlo a zye yo an gran kantite.

Ou fè nou vin yon objè konfli devan 5 vwazen nou yo.

Lènmi nou yo ri pami yo menm.

O Bondye dèzame yo, restore nou!

Fè vizaj Ou klere sou nou e nou va sove.

Ou te rachte yon pye rezen soti an Égypte.

Ou te chase mete nasyon yo deyò pou te 6plante li la.

Ou te netwaye tè a devan l.

Li te 7anrasine byen fon e te ranpli peyi a.

Mòn yo te kouvri ak lonbraj li. 8

Branch li yo te kon bwa sèd Bondye yo.

Li te voye branch li yo rive 9 jis nan lanmè,

ak boujon li yo jis nan Rivyè a.

Poukisa Ou te 10 kraze tout kloti li yo,

pou tout sila ki pase la yo kab rekòlte fwi li yo?

Yon gwo mal kochon sovaj sòti nan forè pou manje ladann

e bèt sovaj chan an manje sou li.

O Bondye dèzame yo, vire fè bak depi koulye a,

nou sipliye Ou, souple. 11

Gade soti anwo nan syèl la pou wè,

e okipe pye rezen sila a.

Menm boujon ke men dwat Ou te plante a,

e branch ke Ou te bay fòs pou Ou menm nan.

Li fin brile ak dife.

Li fin koupe atè nèt.

Yo peri ak repwòch devan Ou.

Kite 12 men Ou rete sou nonm nan

ki se moun men dwat Ou a,

sou fis a lòm ke ou te fè pwisan pou Ou menm nan.

Konsa, nou p ap vire fè bak kite Ou.

Fè nou leve ankò e nou va rele non Ou.

O SENYÈ dezame yo, restore nou.

Fè figi Ou briye sou nou e nou va sove.

Source notes (12)
  1. Cross-reference Egz 25:22
  2. Cross-reference Nonb 6:25
  3. Cross-reference Sòm 79:5
  4. Cross-reference Sòm 42:3
  5. Cross-reference Sòm 44:13
  6. Cross-reference Jr 11:17
  7. Cross-reference Os 14:5
  8. Cross-reference Jen 49:22
  9. Cross-reference Sòm 72:8
  10. Cross-reference Sòm 89:40
  11. Cross-reference Sòm 102:19
  12. Cross-reference Sòm 89:21

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.