Bib Sen An
Sòm Yo 79
Yon Sòm Asaph
O Bondye, nasyon yo te anvayi eritaj Ou a.
Yo te souye sen tanp Ou an.
Yo te fè Jérusalem kouche nan yon pil ranblè.
Yo te bay kadav sèvitè Ou yo kon manje pou zwazo syèl yo.
Chè a fidèl Ou yo, yo fin bay a bèt latè yo.
Yo te vide san yo tankou dlo toupatou Jérusalem. 1
Pa t genyen moun ki pou antere yo.
Nou gen tan vin yon repwòch pou vwazen nou yo,
Yon rizib ak yon betiz pou sila ki antoure nou yo.
Jiskilè, O SENYÈ?
Èske Ou va rete fache nèt?
Èske jalouzi Ou va 2brile tankou dife tout tan? 3
Vide kòlè Ou sou nasyon ki pa rekonèt Ou yo,
ak sou wayòm yo ki pa rele non Ou yo.
Paske yo te 4 devore Jacob.
Yo te devaste abitasyon Li an. 5
Pa sonje inikite a papa zansèt nou yo pou kenbe kont nou.
Kite mizerikòd Ou vini vit rankontre nou,
paske nou fin rive ba nèt. 6
Fè nou sekou, O Bondye sali nou an, pou glwa a non Ou.
Delivre nou e padone peche nou yo, pou koz a non Ou. 7
Poukisa nasyon yo ta di: “Kote Bondye yo ye?”
Kite li vin rekonèt pami nasyon yo devan zye nou,
ke vanjans pou san sèvitè Ou yo ap vèse.
Kite 8 vwa prizonye k ap plenyen yo rive devan Ou.
Selon grandè fòs Ou, prezève sila ki kondane a lamò.
Fè remèt a vwazen nou yo, 9 sèt fwa
antre nan vant yo, repwòch avèk sila
yo te repwoche Ou a, O SENYÈ.
Konsa nou menm, pèp Ou a,
ak 10 mouton a patiraj Ou a,
Va bay Ou remèsiman jis pou tout tan.
A tout jenerasyon yo, nou va pale lwanj Ou.
Source notes (10)
- Cross-reference Jr 14:16
- Cross-reference Sòm 89:46
- Cross-reference Sòm 69:24
- Cross-reference Sòm 53:4
- Cross-reference Sòm 106:6
- Cross-reference II Kwo 14:11
- Cross-reference Sòm 42:10
- Cross-reference Sòm 102:20
- Cross-reference Jen 4:15
- Cross-reference Sòm 74:1
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.