Bib Sen An
Sòm Yo 78
Yon Sòm a Asaph
Koute, O pèp mwen an a lenstriksyon mwen.
Panche zòrèy Ou vè pawòl a bouch mwen.
Mwen va 2 ouvri bouch mwen avèk yon parabòl.
Mwen va pale pawòl fonse a tan ansyen yo,
ke nou te tande, konnen e ke 3
papa zansèt nou yo te fè nou konprann.
Nou p ap kache yo a pitit nou yo,
men nou va 4pale a jenerasyon k ap vini yo, tout lwanj SENYÈ a,
fòs Li ak gran mèvèy ke Li te konn fè yo.
Paske Li te etabli yon temwayaj
nan Jacob e te chwazi yon lwa an Israël,
sou sila Li te kòmande papa zansèt nou yo
pou yo ta 5 enstwi yo a pitit pa yo.
Ke jenerasyon k ap vini an ta kab konnen.
Menm pou sila ki poko fèt yo,
pou yo ta kab leve e 6 pale yo a pitit yo,
pou yo kab mete konfyans yo
nan Bondye e pa bliye zèv Bondye yo,
men 7kenbe kòmandman Li yo.
Pou yo 8 pa fè tankou papa zansèt yo,
yon jenerasyon tèt di e rebèl,
yon jenerasyon ki pa t gen kè fidèl,
ki pa t gen lespri fidèl a Bondye.
Fis a Éphraïm yo ki konn tire flèch, te pote banza yo.
Sepandan, nan jou batay la, 9 yo te fè bak.
Yo 10 pa t kenbe akò yo ak Bondye
e te refize mache nan lalwa Li.
Yo te 11 bliye zèv Li yo avèk mirak ke Li te montre yo.
Li te fòje mirak yo devan zansèt yo,
nan peyi Égypte la ak nan 12chan Tsoan an.
Li te divize lanmè a e te fè yo pase ladann.
Li te fè dlo yo 13kanpe wo tankou yon gwo pil.
Apre, Li te dirije yo avèk nwaj
nan lajounen e nan tout nwit lan avèk 14 limyè dife.
Li te 15 fann wòch yo nan dezè a
e te bay yo anpil dlo pou bwè tankou nan fon yo.
Li te 16 fè parèt sous ki te pete sòti nan wòch la,
e te fè dlo desann tankou larivyè.
Sepandan, yo te kontinye peche kont Li,
e fè 17 rebèl kont Pi Wo a nan dezè a.
Konsa, nan kè yo, yo te pase Bondye a leprèv
lè yo te mande 18manje selon dezi yo.
Wi, yo te pale kont Bondye.
Yo te di: 19 “Èske Bondye kapab prepare yon tab nan dezè a?
Gade byen, Li te frape wòch la pou dlo
kouri sòti e gwo sous yo t ap debòde.
Èske Li kapab bay pen tou?
Èske Li kab 20founi vyann pou pèp Li a?”
Pou sa, SENYÈ a te tande e te 21 ranpli ak kòlè.
Konsa, yon dife te limen kont Jacob,
e chalè te monte tou kont Israël.
Paske yo 22 pa t kwè nan Bondye,
e pa t mete konfyans yo nan delivrans Li.
Men Li te kòmande nwaj anlè yo, e te 23 louvri pòt syèl yo.
Li te fè lamàn vin tonbe tankou lapli sou yo,
pou yo manje e te bay yo manje soti nan syèl la.
Lòm te manje manje a zanj yo.
Li te voye manje ba yo an abondans.
Li te 24 fè van lès la vante nan syèl yo e avèk pwisans Li,
Li te dirije van sid la.
Li te fè tonbe vyann sou yo tankou lapli, tankou pousyè,
menm 25 zwazo ak zèl tankou sab lanmè.
Alò, Li te kite yo tonbe nan mitan kan an, toupatou abitasyon yo.
Konsa, yo te 26 manje vant plen,
e sa yo te mande, se sa Li te bay yo.
Avan, yo te satisfè dezi yo, 27
pandan manje a te toujou nan bouch yo, 28
kòlè Bondye te leve kont yo e
te touye kèk nan pi vanyan pami yo.
Li te frape desann mesye pi chwazi Israël yo.
Malgre tout sa, yo te peche toujou,
e pa t kwè nan zèv mèvèy Li yo.
Akoz sa, Li te fè 29 jou yo fini mal,
e ane yo nan laperèz sibit.
Lè Li te touye yo, nan lè sa a, yo te 30 chache Li.
Yo te retounen chache Li ak dilijans.
Konsa, yo te sonje ke Bondye te wòch yo, e Pi Wo a, 31redanmtè yo.
Men yo te 32 twonpe Li ak bouch yo.
Yo te manti a Li ak lang yo.
Paske kè yo pa t 33 fèm vè Li menm,
ni yo pa t fidèl selon akò Li.
Men Li menm, akoz mizerikòd Li,
te padone inikite yo, e pa t detwi yo.
Wi, souvan Li te ralanti kòlè Li e pa t kite tout kòlè li vin leve.
Konsa, Li te sonje ke se sèl chè yo te ye,
yon 34van pase ki pa retounen ankò.
Konbyen fwa yo te fè rebèl kont Li nan dezè a,
e te 35fè L soufri lapèn la nan savann nan!
Anpil fwa, yo te pase Bondye a 36 leprèv,
epi te fè Sila Ki Sen A Israël la soufri doulè.
Yo 37 pa t sonje pwisans Li,
ni jou ke Li te delivre yo nan men advèsè yo,
lè Li te akonpli mirak Li yo an Égypte
ak 38mèvèy Li yo nan chan Tsoan an.
Li te chanje rivyè yo an san.
Konsa, nan sous yo, yo pa t kab bwè.
Li te voye pami yo mouch
an gran kantite ki te devore yo,
avèk 39krapo ki te detwi yo.
Li te bay chan rekòlt a chwalbwa a,
ak pwodwi travay yo a 40 krikèt la.
Li te detwi chan fwi yo ak 41 lagrèl e bwa sikomò yo ak fredi.
Li te bay 42 bèt yo tou a lagrèl e twoupo yo a loray.
Li te 43 voye sou yo chalè kòlè Li,
gwo kòlè avèk endiyasyon ak twoub,
ak yon bann zanj ki pou detwi yo.
Li te fè yon chemen pou lakòlè Li.
Li pa t epagne nanm yo de lanmò,
men te 44 bay lavi yo a gwo fleyo.
Li te frape di tout premye ne an Égypte yo,
premye sòti a fòs kouraj yo nan tant a Cham yo.
Men Li te mennen fè sòti pwòp pèp li a tankou mouton.
Li te dirije yo nan dezè a 45tankou yon twoupo.
Li te dirije yo avèk swen pou yo pa pè, men 46lanmè te vale lènmi yo.
Konsa, 47 Li te mennen yo nan peyi sen Li an,
vè peyi ti kolin ke men dwat Li te vin posede a.
Anplis, li te chase nasyon yo devan yo,
te pataje pou yo yon eritaj selon mezi li, e
te fè tribi Israël yo abite nan tant yo.
Sepandan, yo te tante e 48 fè rebèl kont Bondye Pi Wo a,
e pa t kenbe temwayaj Li yo,
men te vire fè bak e te aji nan malveyans tankou papa zansèt yo.
Yo te vire akote tankou yon banza ki tòde.
Paske yo te pwovoke Li avèk 49 wo plas yo,
e te fè L jalou avèk imaj taye yo.
Lè Bondye te tande, Li te vin ranpli avèk kòlè,
e te 50vin deteste Israël anpil.
Jiskaske Li te abandone abitasyon
Silo, tant ke li te konn monte pami lòm nan,
e te bay yo menm ki te fòs Li, an kaptivite,
glwa Li nan men advèsè a.
Anplis, Li te livre pèp Li a de nepe e
te vin ranpli avèk kòlè kont eritaj Li a.
Dife te devore jennonm Li yo e 51
vyèj Li yo pa t gen chan maryaj. 52
Prèt Li yo te tonbe pa nepe e
Vèv Li yo pa t kab kriye.
Konsa, SENYÈ a te leve tankou se nan dòmi Li te ye,
tankou yon 53 gèrye ki rele fò akoz diven.
Li 54 te pouse advèsè Li yo fè bak.
Li te mete sou yo yon repwòch ki pa t ap fini menm.
Anplis, Li te 55 rejte tant Joseph la,
ni pa t chwazi tribi Éphraïm nan.
Men Li te chwazi tribi Juda a,
Mòn 56 Sion ke Li te renmen anpil la.
Li te 57 bati sanktyè Li tankou wotè mòn yo,
tankou latè ke Li te etabli jis pou tout tan an.
Anplis, Li te chwazi David, sèvitè Li a.
Li te pran l sòti nan Pak mouton yo,
sòti nan okipe mouton k ap fè pitit, avèk ti mouton nouris,
Li te mennen li, pou vin bèje Jacob, pèp Li a,
avèk 58Israël, eritaj Li a.
Konsa, Li te fè bèje yo selon 59 entegrite kè l,
e te gide yo avèk men abil li.
Source notes (59)
- Cross-reference És 51:4
- Cross-reference Sòm 49:4
- Cross-reference Sòm 44:1
- Cross-reference Egz 13:8
- Cross-reference Det 4:9
- Cross-reference Det 11:19
- Cross-reference Det 4:2
- Cross-reference II Wa 17:14
- Cross-reference Jij 20:39
- Cross-reference Jij 2:20
- Cross-reference Sòm 106:13
- Cross-reference Nonb 13:22
- Cross-reference Egz 15:8
- Cross-reference Egz 14:24
- Cross-reference Egz 17:6
- Cross-reference Nonb 20:8
- Cross-reference Det 9:22
- Cross-reference Nonb 11:4
- Cross-reference Egz 16:3
- Cross-reference Nonb 11:18
- Cross-reference Nonb 11:1
- Cross-reference Det 1:32
- Cross-reference Jen 7:11
- Cross-reference Nonb 11:31
- Cross-reference Egz 16:13
- Cross-reference Nonb 11:19-20
- Cross-reference Nonb 11:33
- Cross-reference Nonb 11:33-34
- Cross-reference Nonb 14:29-35
- Cross-reference Nonb 21:7
- Cross-reference Egz 15:13
- Cross-reference Egz 24:7-8
- Cross-reference Sòm 51:10
- Cross-reference Job 7:7-16
- Cross-reference Sòm 95:10
- Cross-reference Nonb 14:22
- Cross-reference Jij 8:34
- Cross-reference Egz 4:21
- Cross-reference Egz 8:6
- Cross-reference Egz 10:14
- Cross-reference Egz 9:23-25
- Cross-reference Egz 9:19
- Cross-reference Egz 15:7
- Cross-reference Egz 12:29-30
- Cross-reference Sòm 77:20
- Cross-reference Egz 14:27-28
- Cross-reference Egz 15:7
- Cross-reference Jij 2:11-13
- Cross-reference Lev 26:30
- Cross-reference Lev 26:30
- Cross-reference Jr 7:34
- Cross-reference I Sam 4:17
- Cross-reference És 42:13
- Cross-reference I Sam 5:6
- Cross-reference Sòm 78:60
- Cross-reference Sòm 87:2
- Cross-reference I Wa 6:1-38
- Cross-reference I Sam 10:1
- Cross-reference I Wa 9:4
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.