Bib Sen An
Sòm Yo 77
Pou direktè koral la: pou Jeduthun. Yon Sòm Asaph
Vwa m leve vè Bondye!
Mwen 1 kriye pou sekou.
Vwa m leve vè Bondye pou L tande mwen.
Nan 2 jou gwo twoub mwen an, mwen te chache SENYÈ a.
Nan nwit, mwen te lonje men m san poze.
Nanm mwen te refize rekonfòte.
Lè mwen sonje Bondye, alò, lespri m twouble.
Mwen fè soupi; 3lespri m febli nèt.
Ou te kenbe zye mwen yo louvri.
Mwen tèlman twouble ke m 4 pa kab pale.
Mwen te reflechi sou 5 jou lansyen yo, ane lontan yo.
Chanson mwen, mwen va sonje pandan lannwit.
Mwen 6 reflechi tout tan nan kè mwen.
Lespri m reflechi jis rive nan fon kè m:
“Èske Senyè a va rejte nou pou tout tan?
Èske Li 7p ap janm kite favè Li vini sou nou ankò?
Èske lanmou dous Li a kite nou pou tout tan?
Èske 8pwomès Li yo fini nèt?
Èske Bondye te bliye gras Li,
Oswa nan kòlè Li, èske Li te retire mizerikòd Li a?” Tan
Epi mwen te di: “Se chagren mwen ki fè m panse 9
men dwat a Wo Pwisan an vin chanje.”
Mwen va sonje 10 zèv SENYÈ yo.
Anverite, Mwen va sonje mèvèy Ou yo nan tan ansyen yo.
Mwen va 11 reflechi tout tan sou tout zèv Ou yo,
pou m sonje nan kè m tout sa Ou te fè.
Chemen Ou a, O Bondye, se apa. 12
Ki dye ki gran tankou Bondye pa nou an?
Ou se Bondye ki fè zèv mèvèy.
Ou te fè pwisans Ou rekonèt pami pèp yo.
Avèk pwòp pouvwa Ou, Ou te 13 rachte pèp Ou a,
fis a Jacob yo avèk Joseph. Tan 14
Dlo yo te wè Ou, O Bondye.
Dlo yo te wè Ou.
Yo te nan gran doulè.
Anplis, fon yo te boulvèse. 15
Nwaj yo te vide gwo dlo.
Syèl yo te bay gwo kout loray.
Flèch Ou yo te limen pa isit e pa lòtbò. 16
Bwi tonnè a eklate nan toubiyon an.
Loray yo te klere tout tè a.
Mond lan te tranble.
Li te souke. 17
Chemen Ou an te nan lanmè a,
e vwa Ou nan dlo pwisan yo.
Kote Ou mache p ap kab dekouvri menm.
Ou te dirije pèp Ou a tankou yon bann,
pa men 18Moïse avèk Aaron.
Source notes (18)
- Cross-reference Sòm 3:4
- Cross-reference Sòm 50:15
- Cross-reference Sòm 61:2
- Cross-reference Sòm 39:9
- Cross-reference Det 32:7
- Cross-reference Sòm 4:4
- Cross-reference Sòm 85:1-5
- Cross-reference II Pi 3:9
- Cross-reference Sòm 44:2-3
- Cross-reference Sòm 105:5
- Cross-reference Sòm 145:5
- Cross-reference Egz 15:11
- Cross-reference Egz 6:6
- Cross-reference Egz 14:21
- Cross-reference Jij 5:4
- Cross-reference Sòm 18:13
- Cross-reference És 51:10
- Cross-reference Egz 6:26
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.