Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Sòm Yo 76

Pou direktè koral la; sou enstriman ak kòd

Yon Sòm Asaph, yon Chanson

Bondye byen rekonèt nan Juda.

Non Li 1gran an Israël.

Tabènak Li a nan Salem. 2

Abitasyon Li an osi nan Sion.

La, Li te 3 kase flèch dife yo,

boukliye ak nepe ak zam lagè yo.

Ou manyifik, pi majeste pase mòn

ak bèt lachas yo.

Sila ak 4 gran kouraj yo te piyaje,

yo te fonse tonbe nan dòmi mò a.

Okenn nan gèrye yo ka sèvi men yo.

Nan repwòch Ou, O Bondye Jacob,

ni 5 chevalye yo ak cheval la te tonbe nan yon pwofon somèy.

Ou menm, Ou merite lakrent.

Se 6 kilès ki kab kanpe nan prezans Ou lè Ou fache?

Ou te fè jijman tande soti nan syèl la.

Latè te 7 krent, e te kanpe rete an plas

lè Bondye te leve nan jijman an,

pou sove tout enb sou latè yo. Tan

Paske kòlè a lòm va bay Ou glwa.

Se retay kòlè pa W, ki sispann fè mal. 8

Fè ve Ou yo a SENYÈ a, Bondye Ou a e akonpli yo.

Kite tout sila ki antoure Li yo

mennen don a Sila ki merite lakrent lan.

Li va koupe retire nanm a prens yo.

Wa latè yo 9 gen lakrent Li.

Source notes (9)
  1. Cross-reference Sòm 99:3
  2. Cross-reference Sòm 27:5
  3. Cross-reference Sòm 46:9
  4. Cross-reference És 10:12
  5. Cross-reference Egz 15:1-21
  6. Cross-reference Esd 9:15
  7. Cross-reference I Kwo 16:30
  8. Cross-reference Ekl 5:4-6
  9. Cross-reference Sòm 47:2

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.