Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Sòm Yo 73

LIV 3

Yon Sòm Asaph

Anverite, Bondye bon a Israël,

a sila avèk kè ki 1 san tach yo!

Men pou mwen, 2 pye m te prèt pou glise tonbe,

Pa m yo te prèt pou chape.

Paske mwen te gen anvi awogan yo,

lè m te wè jan 3mechan yo te byen reyisi.

Paske nan lanmò yo, nanpwen soufrans e kò yo byen gra.

Yo pa nan pwoblèm tankou lòt moun,

ni yo pa toumante tankou limanite.

Pou sa, yo pote ògèy tankou yon bèl 4 kolye.

Abiman vyolans kouvri kon yon bèl rad.

Zye yo anfle nan mitan 5 grès yo.

Imajinasyon a kè yo dechennen nèt.

Yo 6 giyonnen moun.

Ak mechanste, yo pale afè oprime lòt moun.

Yo pale konsi se anwo sa soti.

Nan bouch 7 yo rive nan syèl la,

pandan lang yo fè gwo pwomnad sou tout latè.

Akoz sa a, pèp pa yo retounen kote yo,

e yo kontinye bwè 8 gran sous yo nèt.

Yo di: “Kòman Bondye konnen?

Eske gen konesans kote Pi Wo a?”

Gade byen, sila yo se mechan yo ye.

Konsi, toujou 9 alèz, yo te agrandi richès yo.

Anverite, 10 se an ven mwen te kenbe kè m san tach,

ak lave men m nan inosans.

Paske mwen te twouble tout lajounen

e te resevwa 11 chatiman chak maten.

Si mwen te di: “Mwen va pale konsa,”

gade byen, mwen ta trayi 12 jenerasyon pitit Ou yo.

Lè m te 13 reflechi pou konprann sa, zye m pa t wè klè menm.

Men jis lè m te antre nan sanktyè Bondye a,

mwen te vin konprann jan yo ta 14 fini.

Anverite, Ou te mete yo kote ki 15 glise anpil.

Ou te jete yo ba jiskaske yo fini nèt.

Men kijan yo va 16 detwi nan yon enstan!

Y ap bale nèt ale avèk gran perèz kap rive sibitman!

Tankou yon rèv lè moun leve, O SENYÈ,

lè Ou leve, Ou va 17 meprize pwòp fòm yo.

Ou va rayi rèv de lespri yo.

Lè kè m te vin anmè,

e kè m te 18pike anndan m,

alò, mwen te vin ensansib e san bon konprann.

Mwen te tankou yon 19bèt devan Ou.

Sepandan, 20 mwen avè W tout tan.

Ou te kenbe men dwat mwen.

Avèk konsèy Ou, Ou va gide mwen,

e apre, 21resevwa mwen nan laglwa. 22

Se kilès mwen gen nan syèl la sof ke Ou?

Epi anplis ke Ou, mwen pa vle anyen sou latè. 23

Chè mwen avèk kè mwen kab fè fayit,

men Bondye se fòs kè mwen ak pòsyon mwen jis pou tout tan.

Paske gade byen, sila ki lwen yo va 24 peri.

Ou te detwi tout sila ki pa t fidèl a Ou menm yo.

Men pou mwen, rete pre Bondye se bonte mwen.

Mwen te fè Senyè a, BONDYE a, 25refij mwen,

Pou m kab pale tout zèv Ou yo.

Source notes (25)
  1. Cross-reference Sòm 24:4
  2. Cross-reference Sòm 94:18
  3. Cross-reference Job 21:7
  4. Cross-reference Jen 41:42
  5. Cross-reference Job 15:27
  6. Cross-reference Sòm 1:1
  7. Cross-reference Rev 13:6
  8. Cross-reference Sòm 23:5
  9. Cross-reference Jr 49:31
  10. Cross-reference Job 21:15
  11. Cross-reference Job 33:9
  12. Cross-reference Sòm 14:5
  13. Cross-reference Ekl 8:17
  14. Cross-reference Sòm 37:38
  15. Cross-reference Sòm 35:6
  16. Cross-reference Nonb 16:21
  17. Cross-reference I Sam 2:30
  18. Cross-reference Trav 2:37
  19. Cross-reference Job 18:3
  20. Cross-reference Sòm 16:8
  21. Cross-reference Jen 5:24
  22. Cross-reference Sòm 16:2
  23. Cross-reference Sòm 38:10
  24. Cross-reference Sòm 37:20
  25. Cross-reference Sòm 14:6

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.