Bib Sen An
Sòm Yo 72
Yon Sòm a Salomon
Bay a wa a 1 sajès lajistis Ou, O Bondye,
ak ladwati Ou a fis a wa a.
Li va 2 jije pèp Ou a avèk ladwati,
e aflije Ou yo, avèk jistis.
Mòn yo va pote 3 lapè a pèp la,
e kolin yo, fwi ladwati a.
Li va jije malere a pèp la.
Li va fè sekou pou pitit a malere yo,
e kraze opresè a an mòso.
Yo va krent Ou 4 pou tout tan ke solèy la klere
ak tout tan ke genyen lalin, pandan tout jenerasyon yo.
Li va desann 5 tankou lapli sou chan zèb fenk koupe yo,
tankou farinaj ki wouze tè a.
Nan jou li yo, moun ladwati yo va fleri,
avèk 6lapè an abondans jiskaske lalin nan pa wè ankò.
Anplis, l ap renye jiskaske yon 7 lanmè rive nan yon lòt lanmè a,
e soti nan Rivyè a jis rive nan dènye pwent tè a.
Pèp ki abite nan dezè a va bese devan l,
e lènmi li yo 8 va niche pousyè a.
Wa a Tarsis yo avèk lil yo va pote kado.
Wa a Séba avèk 9Saba yo ap ofri kado.
Konsa, tout wa yo va bese ba devan l, pou tout 10nasyon yo sèvi li.
Paske li va 11 delivre malere a lè l kriye sekou;
aflije a tou, lè l san soutyen an.
Li va gen 12 mizerikòd sou malere a avèk endijan an.
Konsa, lavi a pòv yo, li va sove.
Li va rachte lavi yo soti nan opresyon avèk vyolans,
e san yo va chè nan zye Li.
Konsa, li va viv, e 13 lò a Séba va bay a li menm.
Moun va priye pou li san rete.
Yo va beni li tout lajounen.
Va genyen anpil sereyal sou tout kolin peyi a,
fwi li yo k ap vannen nan van tankou pye sèd a Liban yo.
Sa ki nan vil yo va fleri tankou 14 vèdi latè.
Non li va dire jis pou tout tan.
Non li va la 15toutotan solèy la ap briye a.
Tout lèzòm va beni pa li.
Tout nasyon yo va rele li beni.
Beni se SENYÈ Bondye a, Bondye Israël la!
Li sèl ki fè mèvèy!
Beni se 16 non laglwa Li jis pou tout tan!
Ke tout tè a kapab ranpli ak glwa Li!
Amen e amen.
Priyè a David yo, fis a Jesse a fini.
Source notes (16)
- Cross-reference I Wa 3:9
- Cross-reference És 9:7
- Cross-reference És 2:4
- Cross-reference Sòm 72:17
- Cross-reference Det 32:2
- Cross-reference És 2:4
- Cross-reference Egz 23:31
- Cross-reference És 49:23
- Cross-reference Jen 10:7
- Cross-reference Sòm 86:9
- Cross-reference Job 29:12
- Cross-reference Pwov 19:17
- Cross-reference És 60:6
- Cross-reference Job 5:25
- Cross-reference Sòm 89:36
- Cross-reference Né 9:5
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.