Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Sòm Yo 71

1

Nan Ou, O SENYÈ, mwen te pran refij.

Pa janm kite mwen vin wont. 2

Nan ladwati Ou, delivre mwen e fè m sekou.

Panche zòrèy Ou bò kote m e sove mwen.

Devni pou mwen wòch abitasyon mwen an,

kote mwen kab vini tout tan.

Ou te pase lòd pou sove mwen,

paske Ou se 3wòch mwen ak sitadèl mwen. 4

Delivre mwen, O Bondye mwen, nan men a mechan yo,

Fè m sòti nan ponyèt a malfektè a ak san pitye a,

Paske Ou se espwa m, O SENYÈ Bondye,

Ou se 5 konfyans mwen soti nan jenès mwen.

Pa Ou menm, mwen te twouve 6 soutyen depi lè m te fèt.

Se Ou menm ki te retire mwen nan vant manman m.

Tout tan se Ou menm ke m louwe.

Mwen parèt kon yon 7 mèvèy pou anpil moun,

men se Ou ki fò refij mwen.

Bouch mwen plen avèk lwanj Ou

ak 8 glwa Ou tout lajounen.

Pa jete mwen akote nan 9 tan vyeyès mwen.

Pa abandone mwen lè fòs mwen vin febli.

Paske Lènmi m yo te pale kont mwen.

Sila k ap veye pou pran lavi m yo 10 ap pran konsèy ansanm,

Y ap di: 11 “Bondye fin abandone li.

Annou kouri dèyè l, e sezi li.

Paske nanpwen moun ki pou delivre l.”

O Bondye, 12 pa rete lwen mwen.

O Bondye m, fè vit a sekou mwen!

Kite sila ki advèsè a nanm mwen yo vin wont e manje nèt.

Kite yo kouvri avèk repwòch ak dezonè k ap 13chache blese mwen.

Men pou mwen, mwen va kenbe espwa m pou tout tan.

Mwen va 14bay Ou lwanj plis toujou.

Bouch mwen va pale ladwati Ou,

ak sali Ou tout lajounen,

menmsi mwen 15pa kab fin konnen

fòs valè tout jou sa yo.

Mwen va vini ak zèv pwisan SENYÈ Bondye a.

Mwen va 16pale ladwati Ou, sèl de Ou menm.

O Bondye, Ou 17 te enstwi mwen depi jenès mwen.

Jiska prezan, mwen toujou deklare mèvèy Ou yo.

Wi, menm lè m vye ak cheve blanch, O Bondye, pa abandone m,

jiskaske mwen fin 18deklare fòs Ou a jenerasyon sila a,

ak pwisans Ou a tout sila k ap vini yo.

Paske ladwati Ou, O Bondye, rive jis nan syèl yo.

Ou menm ki te fè gwo bagay yo.

O Bondye, se 19kilès ki tankou Ou menm?

Ou menm ki te fè m wè anpil twoub ak gwo pwoblèm,

va fè m viv.

Ou va mennen mwen monte soti nan 20fon tè yo.

Ke Ou fè lonè mwen vin plis e vire ban m konsolasyon ankò.

Konsa, mwen va louwe Ou avèk ap la pou fidelite Ou, O Bondye mwen.

A Ou menm, mwen va chante lwanj avèk gita,

O 21Sila Ki Sen an Israël la.

Lèv mwen va rele ak jwa lè mwen chante lwanj a Ou menm

pou 22 nanm mwen ke Ou te rachte a.

Lang mwen, anplis, va pale ladwati Ou tout lajounen.

Paske yo wont, yo imilye,

Sila ki te chache fè m mal yo.

Source notes (22)
  1. Cross-reference Sòm 25:2-3
  2. Cross-reference Sòm 31:1
  3. Cross-reference Sòm 18:2
  4. Cross-reference Sòm 140:1-4
  5. Cross-reference Sòm 22:9
  6. Cross-reference Sòm 22:10
  7. Cross-reference És 8:18
  8. Cross-reference Sòm 96:6
  9. Cross-reference Sòm 71:18
  10. Cross-reference Sòm 31:13
  11. Cross-reference Sòm 3:2
  12. Cross-reference Sòm 10:1
  13. Cross-reference Est 9:2
  14. Cross-reference Sòm 71:8
  15. Cross-reference Sòm 40:5
  16. Cross-reference Sòm 51:14
  17. Cross-reference Det 4:5
  18. Cross-reference Sòm 22:31
  19. Cross-reference Det 3:24
  20. Cross-reference Sòm 86:13
  21. Cross-reference II Wa 19:22
  22. Cross-reference Sòm 34:22

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.