Bib Sen An
Sòm Yo 70
Pou direktè koral la; Yon Sòm David. Yon souvni
O Bondye, fè vit pou delivre mwen.
O SENYÈ, fè vit pou ban m sekou! 2
Kite sila k ap chache lavi m yo vin wont e imilye.
Kite sila ki pran plezi nan fè m mal yo vire fè bak ak dezonè. 3
Kite sila ki di: “ah, ah!” yo vire fè bak akoz wont yo.
Kite tout moun k ap chache Ou yo rejwi e fè kè kontan nan Ou.
Kite sila ki renmen sali Ou yo di tout tan:
“Kite Bondye egzalte”.
Men mwen aflije e mwen nan nesesite. 4
Fè vit vin kote mwen, O Bondye!
Se Ou menm ki sekou mwen ak delivrans mwen.
O SENYÈ, pa mize.
Source notes (4)
- Cross-reference Sòm 40:13-17
- Cross-reference Sòm 35:4-26
- Cross-reference Sòm 40:15
- Cross-reference Sòm 141:1
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.