Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Sòm Yo 69

Pou direktè koral la. Sou melodi “Lis Yo”. Yon Sòm David.

Sove mwen, O Bondye,

paske 1 dlo yo fin monte jis nan kou m!

Mwen desann fon nan labou.

Nanpwen plas pou pye m kenbe.

Mwen fin rive nan dlo fon yo,

e yon 2 gwo inondasyon ap debòde sou mwen.

Mwen 3 fatige nèt ak kriye mwen an.

Gòj mwen sèk nèt.

Zye m varye pandan mwen

ap tann Bondye mwen an.

Sila ki 4 rayi mwen san koz yo plis pase cheve sou tèt mwen.

Sila ki ta detwi mwen yo pwisan e san rezon, yo fè lènmi avè m.

Sa ke m pa t janm vòlè, mwen oblije remèt li.

O Bondye, Ou konnen 5 foli mwen.

Koupabilite mwen pa kache devan Ou.

Pa kite sila k ap tann Ou yo vin 6 wont akoz mwen,

O Senyè BONDYE dèzame yo.

Pa kite yo vin dezonore akoz mwen menm, O Bondye Israël la.

Paske pou koz Ou, mwen te pote repwòch.

Dezonè fin kouvri figi mwen.

Mwen vin izole de frè m yo,

tankou yon etranje de fis a manman m yo.

Epi akoz zèl mwen gen pou lakay Ou, yo manje m nèt. 7

Repwòch a sila ki te repwoche Ou yo te vin tonbe sou mwen.

Lè mwen te kriye 8 nan nanm mwen, e te fè jèn,

sa te vin yon repwòch pou mwen.

Lè m te fè 9 twal sak sèvi kon rad mwen,

mwen te vin yon vye pawòl,

yon rizib pou yo menm.

Sila ki 10 chita nan pòtay yo pale afè mwen,

e moun sòt yo fè chan sou mwen.

Men pou mwen, priyè mwen se a Ou menm, O SENYÈ, 11

nan yon lè ki bon,

nan grandè lanmou dous Ou a.

Reponn mwen avèk sali verite Ou a.

Delivre mwen sòti nan 12 labou a.

Pa kite mwen fonse nèt ladann.

Kite m delivre de sa yo ki rayi mwen yo, ak nan fon dlo yo.

Pa kite 13 inondasyon dlo yo vin anvayi mwen,

ni fon an vale m,

ni fòs la fèmen bouch li sou mwen.

Reponn mwen, O SENYÈ, paske lanmou dous Ou a bon;

Selon grandè a mizerikòd Ou, 14 vire kote mwen. 15

Pa kache figi Ou de sèvitè Ou a,

paske mwen nan gwo pwoblèm.

Reponn mwen vit.

Rale nanm mwen pre. Rachte l! 16

Rachte mwen akoz lènmi mwen yo!

Ou konnen 17 repwòch mwen, wont mwen, avèk dezonè mwen an.

Tout advèsè mwen yo devan Ou.

Repwòch fin kraze kè m.

Mwen vin ba nèt.

Mwen te chache pitye, men pa t genyen; 18

kondoleyans, men nanpwen.

Anplis, yo te ban mwen fyèl kon manje ak 19vinèg pou swaf mwen.

Ke 20 tab devan yo devni yon pèlen.

Lè yo nan tan lapè, kite li tounen yon pyèj.

Ke 21 zye yo vin twouble pou yo pa kab wè.

Ke do yo koube nèt. 22

Vide kòlè Ou sou yo.

Ke fachèz kòlè Ou ki brile ka vini sou yo.

Pou 23 kan yo kapab dezole.

Pou pa gen moun ki rete ankò nan tant yo.

Paske yo te pèsekite sila ke Ou menm 24te blese a.

Yo pale sou doulè a sila ke Ou menm te blese yo.

Ogmante inikite sou inikite yo.

Ni 25 pa kite yo antre nan ladwati Ou.

Ke yo kapab efase soti nan liv lavi a.

Pou yo pa vin anrejistre nan achiv ak moun ladwati yo.

Men mwen aflije e mwen nan doulè.

Ke delivrans Ou, O Bondye kapab plase mwen an sekirite an wo.

Mwen va louwe non Bondye avèk chan yo,

epi 26leve Li wo avèk remèsiman.

Se sa k ap 27 fè kè SENYÈ kontan plis pase yon bèf,

ni pase yon jenn towo avèk kòn ak zago.

Enb yo te wè sa e yo kontan.

Nou menm ki chache Bondye, 28kite kè nou reprann fòs.

Paske 29 SENYÈ a tande malere yo,

e Li pa meprize moun pa L ki prizonye yo.

Kite syèl la avèk tè a louwe Li,

lanmè yo avèk 30 tout sa ki fè mouvman ladann yo.

Paske Bondye va delivre Sion e bati vil Juda yo,

pou yo kab rete la e posede li.

Desandan a sèvitè Li yo va eritye li.

Sila ki renmen non Li yo 31 va rete ladann.

Source notes (31)
  1. Cross-reference Job 22:11
  2. Cross-reference Jon 2:3
  3. Cross-reference Sòm 6:6
  4. Cross-reference Sòm 35:19
  5. Cross-reference Sòm 38:5
  6. Cross-reference II Sam 12:14
  7. Cross-reference Sòm 119:139
  8. Cross-reference Sòm 35:13
  9. Cross-reference Sòm 35:13
  10. Cross-reference Jen 19:1
  11. Cross-reference Sòm 32:6
  12. Cross-reference Sòm 69:2
  13. Cross-reference Sòm 124:4-5
  14. Cross-reference Sòm 25:16
  15. Cross-reference Sòm 27:9
  16. Cross-reference Sòm 119:134
  17. Cross-reference Sòm 22:6
  18. Cross-reference Job 16:2
  19. Cross-reference Mat 27:34-48
  20. Cross-reference Wo 11:9-10
  21. Cross-reference És 6:10
  22. Cross-reference Sòm 79:6
  23. Cross-reference Mat 23:38
  24. Cross-reference És 53:4
  25. Cross-reference És 26:10
  26. Cross-reference Sòm 34:3
  27. Cross-reference Sòm 50:13-14
  28. Cross-reference Sòm 22:26
  29. Cross-reference Sòm 12:5
  30. Cross-reference És 55:12
  31. Cross-reference Sòm 37:29

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.