Bib Sen An
Sòm Yo 68
Pou direktè koral la; avèk enstriman ak kòd yo. Yon Sòm; Yon Chan
Kite 1 Bondye leve!
Kite lènmi Li yo vin gaye!
Kite sila ki rayi Li yo sove ale devan L.
Kon lafimen konn chase,
konsa, chase yo.
Kon 2 lasi konn fonn devan dife,
konsa, kite mechan yo peri devan Bondye.
Men kite moun 3 ladwati yo fè kè kontan.
Kite yo leve wo devan Bondye.
Wi, kite yo rejwi avèk kè kontan.
Chante a Bondye! Chante lwanj a non Li!
Leve wo pou Sila ki monte sou nwaj yo: 4
non l se SENYÈ a!
Rejwi devan Li an!
Yon 5 papa pou òfelen yo
e yon jij pou vèv yo,
se Bondye nan lye sen Li an.
Bondye 6 fè yon fanmi pou sila ki pa genyen an.
Li fè prizonye yo vin sòti deyò ak chan yo,
men rebèl yo viv nan yon peyi deseche.
O Bondye, lè Ou 7 te sòti devan pèp Ou a,
lè Ou te mache travèse dezè a, 8
tè a te souke.
Syèl yo tou te lage lapli devan prezans Bondye,
prezans Bondye Sinaï a.
Mond lan li menm tè a souke devan prezans
Bondye a, Bondye Israël la.
Ou, Bondye te voye nan tout kote yon gwo lapli.
Ou te konfime eritaj Ou lè li te fatige nèt.
Moun pa Ou yo te vin rete ladann.
Ou te 9 founi tout bonte Ou pou
malere yo, O Bondye.
Senyè a te anonse pawòl la. 10
Mesaje ki pwoklame bòn nouvèl yo se yon gwo lame.
“Wa lame yo sove ale! Yo kouri!
Fanm nan rete nan kay la 11divize piyaj la!
Lè ou kouche 12 nan pak mouton yo,
se tankou zèl toutrèl ki kouvri ak ajan e
plim li ak lò briyan.
Lè Toupwisan an te gaye wa yo la a,
Nèj t ap tonbe sou 13Tsalmon.
Yon mòn Bondye se Mòn Basan.
Yon mòn apik e difisil se Mòn Basan.
Poukisa nou gade ak anvi,
O tout lòt mòn yo?
Sou mòn ke Bondye te 14 apwente
kon abitasyon Li an?
Anverite, SENYÈ a va abite la pou tout tan.
Cha Bondye yo anpil sou milye dè milye.
Senyè a pami yo sòti Sinaï, nan sentete Li.
Ou te monte an wo.
Ou te mennen kaptif yo sòti.
Anplis, Ou te resevwa kado pami lòm,
menm pami rebèl yo tou,
pou SENYÈ a, Bondye a, kapab abite la.
Beni se Senyè a, ki 15 pote fado nou chak jou,
Bondye ki se delivrans nou an. Tan
Bondye pou nou se yon 16 Bondye delivrans.
Epi BONDYE, Senyè a sèl, ki fè nou chape devan lanmò.
Anverite, Bondye va 17 kraze tèt lènmi Li yo,
tèt la menm ak cheve a sila ki pèsiste nan mechanste li yo.
Senyè a te di: 18 “Mwen va mennen fè yo sòti Basan.
Mwen va mennen yo retounen jis rive nan fon lanmè a,
pou pye ou kapab kraze yo bay san,
jis lang 19 chen ou yo kapab jwenn pòsyon pa yo sou lènmi an.”
Yo te wè 20 pwosesyon solanèl Ou a, O Bondye,
pwosesyon a Bondye mwen an, Wa mwen,
pou antre nan sanktyè a.
Chantè yo te ale, e mizisyen yo te swiv,
nan mitan a jenn fi ki t ap bat tanbouren yo.
Beni Bondye nan asanble yo,
SENYÈ a menm, 21 fontèn dlo Israël la.
Men gade 22 Benjamin, pi piti an Israël la,
k ap renye sou yo,
prens a Juda ki konseye yo,
prens Zabulon ak prens a Nephthali yo.
Bondye ou a te kòmande fòs Ou.
Montre Ou dyanm, O Bondye, 23nan sa Ou te fè pou nou menm.
Akoz tanp Jérusalem Ou a, 24
wa yo va mennen kado bay Ou.
Repwoche bèt sovaj yo nan mitan wozo a,
twoupo 25 towo yo avèk ti bèf a pèp yo.
Foule anba pye gwo bout pyès ajan yo.
Gaye pèp ki te renmen fè lagè yo.
Prens yo va sòti an 26 Égypte.
Ethiopie va fè vit pou lonje men l vè Bondye.
Chante a Bondye, O 27 wayòm sou latè yo,
Chante lwanj a Senyè a, Tan
A Sila ki vwayaje monte sou 28pi wo syèl la,
ki la depi nan tan ansyen yo.
Gade byen, Li pale ak gwo vwa,
yon vwa plen pwisans.
Rekonèt fòs Bondye a!
Majeste Li sou tout Israël, 29
pwisans Li nan syèl yo.
O Bondye, Ou 30 etonan nan sanktyè Ou yo.
Bondye Israël la ki bay fòs ak pouvwa a pèp Li yo.
Beni se Bondye!
Source notes (30)
- Cross-reference Nonb 10:35
- Cross-reference Sòm 22:14
- Cross-reference Sòm 32:11
- Cross-reference Egz 6:3
- Cross-reference Sòm 10:14
- Cross-reference Sòm 107:4-7
- Cross-reference Egz 13:21
- Cross-reference Egz 19:18
- Cross-reference Sòm 65:9
- Cross-reference Egz 15:20
- Cross-reference Jij 5:30
- Cross-reference Jen 49:14
- Cross-reference Jij 9:48
- Cross-reference Det 12:5
- Cross-reference Sòm 55:22
- Cross-reference Sòm 106:43
- Cross-reference Sòm 110:6
- Cross-reference Nonb 21:33
- Cross-reference I Wa 21:19
- Cross-reference Sòm 77:13
- Cross-reference Det 33:28
- Cross-reference Jij 5:14
- Cross-reference És 26:12
- Cross-reference I Wa 10:25
- Cross-reference Sòm 22:12
- Cross-reference És 19:19-21
- Cross-reference Sòm 102:22
- Cross-reference Det 10:14
- Cross-reference Sòm 150:1
- Cross-reference Det 7:21
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.