Bib Sen An
Sòm Yo 67
Pou direktè koral la; avèk enstriman ak kòd yo. Yon Sòm; Yon Chan
Ke Bondye ka fè nou gras, 1
beni nou e fè vizaj Li vin klere sou nou——
Ke chemen Ou kapab byen koni sou tè a,
ak 2sali Ou pami tout nasyon yo.
Kite 3 pèp yo louwe Ou, O Bondye.
Kite tout pèp yo louwe Ou.
Kite nasyon yo fè kè kontan e chante ak jwa,
paske Ou va jije pèp yo avèk ladwati e 4gide nasyon yo sou tè a. Tan
Kite 5 pèp yo louwe Ou, O Bondye.
Kite tout pèp yo louwe Ou. 6
Latè te bay pwodwi li.
Bondye, Bondye pa nou an, ap toujou beni nou.
Bondye ap toujou beni nou. 7
Dènye pwent latè a va gen lakrent Li.
Source notes (7)
- Cross-reference Nonb 6:25
- Cross-reference És 52:10
- Cross-reference Sòm 66:4
- Cross-reference Sòm 47:8
- Cross-reference Sòm 67:3
- Cross-reference Lev 26:4
- Cross-reference Sòm 22:27
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.