Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Sòm Yo 66

Pou direktè koral la; yon chan, yon Sòm

1

Rele fò ak lajwa a Bondye, tout latè a!

Chante 2 glwa a non Li!

Ranpli lwanj Li ak laglwa!

Di Bondye: “Zèv Ou yo 3 mèvèye”!

Akoz grandè a pwisans Ou, menm,

lènmi Ou yo va soumèt a Ou. 4

Tout latè va fè adorasyon a Ou menm.

Li va chante lwanj Ou.

Tout va chante lwanj a non Ou; Tan

Vini pou wè zèv Bondye yo.

Zèv etonan anvè fis a lòm yo.

Li te 5 chanje lanmè a an tè sèch.

Yo te pase travèse 6 rivyè apye.

La menm, nou te rejwi nan Li!

Li renye ak pwisans pou tout tan. 7

Zye Li veye sou nasyon yo.

Pa kite rebèl yo egzalte kont Li.

Beni Bondye nou an, O pèp yo!

Fè lwanj Li 8 sone,

ki 9 kenbe nou pami vivan yo,

e ki pa kite pye nou glise.

Paske Ou te fè nou pase a leprèv, O Bondye.

Ou te 10rafine nou tankou ajan konn rafine.

Ou te 11 rale nou antre nan filè a.

Ou te mete yon fado lou sou ren nou.

Ou te fè moun 12 monte sou tèt nou.

Nou te pase nan dife ak nan dlo,

men Ou te fè nou sòti antre yon kote avèk anpil abondans.

Mwen va vini lakay Ou avèk Ofrann brile.

Mwen va 13peye Ou ve mwen yo,

ki te sòti nan lèv mwen,

ke bouch mwen te pale lè m te 14 nan gwo twoub yo.

Mwen va ofri a Ou menm yon ofrann brile nan grès a bèt gra yo,

avèk lafimen a 15belye yo.

Mwen va fè ofrann a towo yo avèk mal kabrit yo.

Vin tande, nou tout ki gen lakrent Bondye

e mwen va 16 pale ou tout sa Li te fè pou nanm mwen.

Mwen te kriye a Li menm avèk bouch mwen.

Ak lang mwen, mwen te 17 leve Li wo.

Si mwen 18 gade inikite nan kè m,

Senyè a p ap koute mwen.

Men anverite, 19 Bondye te tande.

Li te teni kont de vwa a priyè mwen.

Beni se Bondye, ki pa t refize koute

lapriyè mwen,

ni ki pa t kache lanmou dous Li a sou mwen.

Source notes (19)
  1. Cross-reference Sòm 81:1
  2. Cross-reference Sòm 79:9
  3. Cross-reference Sòm 47:2
  4. Cross-reference Sòm 22:27
  5. Cross-reference Egz 14:21
  6. Cross-reference Jos 3:16
  7. Cross-reference Sòm 11:4
  8. Cross-reference Sòm 98:4
  9. Cross-reference Sòm 30:3
  10. Cross-reference És 48:10
  11. Cross-reference Lam 1:13
  12. Cross-reference És 51:23
  13. Cross-reference Sòm 22:25
  14. Cross-reference Sòm 18:6
  15. Cross-reference Nonb 6:14
  16. Cross-reference Sòm 71:15-24
  17. Cross-reference Sòm 31:1
  18. Cross-reference Job 36:21
  19. Cross-reference Sòm 18:6

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.