Bib Sen An
Sòm Yo 65
Pou direktè koral la; yon Sòm David. Yon chan.
Se lwanj k ap tann Ou, O Bondye nan Sion.
Ve yo va fèt anvè Ou.
O Ou menm ki tande priyè yo,
a Ou menm 1tout moun vini.
Inikite m t ap kanpe kont mwen;
men pou transgresyon nou yo,
Ou kouvri yo.
A la 2 beni se sila ke Ou chwazi a e mennen toupre,
pou l ka rete nan lakou Ou.
Nou va satisfè ak tout bagay ki bon lakay Ou,
sen tanp Ou a.
Avèk 3 zèv mèvèy e dwat, Ou reponn nou,
O Bondye sali nou an.
Se Ou menm ki espwa tout pwen latè a,
jis rive nan lanmè pi lwen an.
Ki etabli mòn yo pa pwisans Ou,
Akoz Ou 4pran zam pwisans Ou.
Ou kalme raj vag lanmè yo,
Avèk gwo boulvèsman lanm yo.
Sila ki rete jis nan 5 dènye pwent latè yo
kanpe byen etone a mèvèy Ou yo.
Ou fè maten avèk aswè kriye ak jwa.
Ou vizite tè a e fè li gen abondans.
Ou anrichi li anpil.
Flèv Bondye a plen ak dlo.
Ou prepare sereyal yo, paske se konsa ou òganize l.
Ou wouze tranch li yo an abondans.
Ou fè do li vin poze.
Ou fè l vin mou 6 ak lapli an abondans;
Ou beni kwasans plant li.
Ou te kouwone ane a avèk 7 bonte Ou.
Kabwa yo plen pwodwi rekòlt la. 8
Patiraj nan dezè yo gen abondans,
Epi kolin yo mare senti yo ak jwa.
Chan yo 9 abiye menm ak bann mouton.
Vale yo fin ranpli ak sereyal.
Yo rele fò ak lajwa!
Konsa, yo chante.
Source notes (9)
- Cross-reference Sòm 86:9
- Cross-reference Sòm 33:12
- Cross-reference Sòm 45:4
- Cross-reference Sòm 93:1
- Cross-reference Sòm 2:8
- Cross-reference Det 32:2
- Cross-reference Sòm 104:28
- Cross-reference Job 38:26-27
- Cross-reference Sòm 144:13
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.