Bib Sen An
Sòm Yo 74
Yon Sòm Asaph
O Bondye, poukisa Ou te rejte nou pou tout tan?
Poukisa kòlè Ou 1 fè lafimen kont mouton patiraj Ou an?
Sonje asanble Ou a, ke Ou te achte depi tan ansyen yo,
sa yo ke Ou te 2rachte pou fè tribi eritaj pa Ou:
Mòn Sion sila a, kote Ou te abite.
Vire pa Ou yo pou rive kote mazi ki kraze nèt yo,
kote lènmi a 3 fin fè tout mechanste li anndan sanktyè a.
Advèsè Ou yo te vin anraje nan mitan kote asanble Ou a.
Yo fin monte 4 pwòp drapo yo kon avètisman an.
Yo aji kòn yon moun k ap
leve 5 rach li nan mitan yon forè bwa.
Epi koulye a, tout travay skilpti li yo, 6
yo kraze ak rach avèk mato.
Yo fin 7 brile sanktyè Ou a jis rive atè.
Yo te souye abitasyon ki fèt nan non Ou an.
Yo te 8 pale nan kè yo: “Annou kraze yo nèt.”
Yo te brile tout kote asanble Bondye nan tout peyi a.
Nou paz ankò wè mèvèy yo. 9
Nanpwen pwofèt ankò.
Ni pa genyen pami nou ki konnen konbyen de tan sa va dire.
Konbyen de tan, O Bondye,
advèsè a va moke nou ak mo brile?
Èske se pou tout tan lènmi an va 10giyonnen non Ou konsa?
Poukisa Ou retire men Ou?
Sitou men dwat Ou?
Fè l parèt sòti anndan lestonmak Ou pou 11detwi yo!
Men Bondye se 12 Wa mwen depi nan tan ansyen yo.
Li te fè zèv delivrans nan mitan latè.
Ou te divize lanmè a ak fòs kouraj Ou.
Ou te kraze tèt 13gwo bèt lanmè yo.
Ou te kraze tèt 14 Levyatan an.
Ou te bay li kon manje pou bèt sovaj.
Ou te fè pete sous ki koule dlo fre.
Ou te seche gwo rivyè pwisan yo.
Jou yo se pou Ou, anplis, nwit yo se pou Ou.
Ou te 15 prepare limyè a avèk solèy la.
Ou te etabli tout lizyè latè yo.
Ou te fè 16 sezon ete ak sezon livè.
Sonje bagay sa a, O SENYÈ,
ke lènmi yo te meprize Ou,
e 17 yon pèp ki plen ak foli te refize non Ou.
Pa livre nanm a toutrèl Ou a bèt sovaj yo.
Pa bliye lavi aflije Ou yo pou tout tan.
Konsidere akò Ou, paske 18
kote fènwa yo nan tout latè a,
plen ak abitasyon vyolans yo.
Pa kite 19 oprime yo retounen nan gwo wont.
Kite aflije yo ak malere yo louwe Non Ou.
Leve, O Bondye! Plede koz Ou!
Sonje jan 20 lòm plen foli meprize Ou tout lajounen.
Pa bliye vwa advèsè Ou yo. 21
Gwo zen a sila ki leve kont Ou yo monte tout tan, san rete.
Source notes (21)
- Cross-reference Det 29:20
- Cross-reference Egz 15:13
- Cross-reference Sòm 79:1
- Cross-reference Nonb 2:2
- Cross-reference Jr 46:22
- Cross-reference I Wa 6:18-35
- Cross-reference II Wa 25:9
- Cross-reference Sòm 83:4
- Cross-reference I Sam 3:1
- Cross-reference Lev 24:16
- Cross-reference Sòm 59:13
- Cross-reference Sòm 44:4
- Cross-reference Sòm 148:7
- Cross-reference Job 41:1
- Cross-reference Jen 1:14-18
- Cross-reference Det 32:8
- Cross-reference Det 32:6
- Cross-reference Sòm 88:6
- Cross-reference Sòm 103:6
- Cross-reference Sòm 14:1
- Cross-reference Sòm 65:7
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.