Bib Sen An
Sòm Yo 128
Yon chan pou monte vè tanp lan.
A la beni se tout sila ki gen lakrent SENYÈ yo,
ki mache nan chemen Li yo.
Lè ou manje nan 2fwi a men ou yo,
ou va kontan e sa va ale byen pou ou.
Madanm ou ap tankou yon 3chan rezen
ki bay anpil rezen lakay ou.
Pitit ou yo va tankou plan bwa doliv ki antoure tab ou.
Gade byen, paske se konsa nonm ki krent SENYÈ a va beni. 4
Ke SENYÈ a beni ou depi nan Sion;
ke ou wè pwosperite Jérusalem nan pandan tout jou lavi ou yo!
Wi, pou ou ka wè 5pitit a pitit ou yo!
Ke lapè rete sou Israël!
Source notes (5)
- Cross-reference Sòm 112:1
- Cross-reference Sòm 109:11
- Cross-reference Éz 19:10
- Cross-reference Sòm 134:3
- Cross-reference Jen 48:11
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.