Bib Sen An
Sòm Yo 129
Yon chan pou monte vè tanp lan.
“Anpil fwa, yo te pèsekite mwen soti nan 1jenès mwen.
Kite Israël di koulye a:
“Anpil fwa, yo te pèsekite mwen soti nan jenès mwen,
men yo pa janm reyisi kont mwen.
Labourè yo te laboure chan yo sou do m.
Yo fè tranch tè yo vin pi long.”
SENYÈ a dwat.
Kòd a mechan yo, Li te koupe yo fè bout.
Ke tout sila ki 2rayi Sion yo vin wont!
Ke yo retounen fè bak menm.
Kite yo vin tankou 3zèb sou kay la;
zèb ki fennen avan li grandi,
jis moun rekòlt la p ap kapab plen men l,
oubyen sila ki mare pote pake a,
pa p ka plen lestomak li.
Ni sila ki pase yo, p ap di:
“Ke 4benediksyon SENYÈ a rete avèk ou.
Nou beni ou nan non SENYÈ a.”
Source notes (4)
- Cross-reference És 47:12
- Cross-reference Mi 4:11
- Cross-reference II Wa 19:26
- Cross-reference Rt 2:4
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.