Bib Sen An
Sòm Yo 127
Yon chan pou monte vè tanp lan. Yon chan Salomon.
Amwenske se SENYÈ a ki bati kay la,
sila ki bati li yo, travay anven.
Amwenske SENYÈ a 1veye pòtay la,
gadyen an rete zye louvri anven.
Se an ven pou ou leve bonè e ale dòmi ta,
pou 2manje pen a travay di yo,
paske se domi Li bay a moun li renmen.
Veye byen, pitit se yon don SENYÈ a. 3
Fwi a vant la se yon rekonpans.
Tankou flèch nan men a yon 4gèrye,
Se konsa pitit a jèn yo ye.
A la 5beni se nonm ke veso l plen ak yo.
Yo p ap wont lè yo pale ak lènmi yo nan pòtay la.
Source notes (5)
- Cross-reference Sòm 121:4
- Cross-reference Jen 3:17
- Cross-reference Det 7:13
- Cross-reference Sòm 112:2
- Cross-reference Sòm 128:2-3
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.