Bib Sen An
Sòm Yo 126
Yon chan pou monte vè tanp lan
Lè SENYÈ a te fè mennen tounen kaptif Sion yo,
nou te 1tankou sila ki fè rèv yo.
Nan lè sa a, bouch nou te plen
ak ri lajwa e lang nou avèk kri lajwa.
Konsa, yo te di pami nasyon yo:
“SENYÈ a 2te fè gwo bagay pou yo.”
SENYÈ a te fè gwo bagay yo pou nou.
Nou 3kontan.
Fè retounen kaptif nou yo, O SENYÈ,
kon 4rivyè nan dezè a.
Sila ki simen ak dlo nan zye yo
Va rekòlte avèk 5gwo kri lajwa.
Sila ki soti ap kriye akoz chaj makout semans lan.
Men l ap retounen ankò ak kri lajwa,
akoz chaj pakèt rekòlt l ap pote a.
Source notes (5)
- Cross-reference Trav 12:9
- Cross-reference I Sam 12:24
- Cross-reference És 25:9
- Cross-reference És 35:6
- Cross-reference És 35:10
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.