Bib Sen An
Sòm Yo 125
Yon chan pou monte vè tanp lan.
Sila ki mete konfyans yo nan SENYÈ a tankou Mòn Sion,
ki pa kab deplase, men ki dire jis pou tout tan.
Kon mòn antoure Jérusalem yo,
se konsa 1SENYÈ a antoure pèp Li a
depi moman sa a, e jis rive pou tout tan.
Paske baton wayal plen mechanste p ap poze sou peyi a moun ladwati yo,
jis pou moun dwat yo pa leve men yo pou fè mal.
Fè byen, SENYÈ, a sila ki bon yo, ak sila ki 2dwat nan kè yo.
Men pou sila ki vire akote pou 3chemen kwochi pa yo,
SENYÈ a va mennen yo sòti avèk
sila ki fè inikite yo.
Ke lapè rete sou Israël.
Source notes (3)
- Cross-reference Za 2:5
- Cross-reference Sòm 7:10
- Cross-reference Pwov 2:15
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.