Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Sòm Yo 124

Yon Sòm pou monte vè tanp lan. Yon Sòm David.

1

Si se pa t SENYÈ a ki te pou nou,

kite Israël di koulye a,

Si se pa t SENYÈ a ki te pou nou,

lè lèzòm te leve kont nou yo,

Alò, yo t ap gen tan fin 2vale nou tou vivan,

lè kòlè yo te limen kont nou an.

Nan lè sa a, 3dlo yo t ap fin anglouti nou nèt.

Kouran dlo yo ta fin pase sou nanm nou.

Nan lè sa a, 4dlo anraje yo t ap fin pase sou nanm nou.

Beni se SENYÈ a, ki pa t livre nou pou 5chire nan dan yo.

Nanm nou gen tan fin chape tankou yon zwazo

ki sòti nan 6pèlen a moun k ap fè lachas yo.

Pèlen an fin kase e nou chape.

Sekou nou se nan non SENYÈ a, ki te 7

fè syèl la ak tè a.

Source notes (7)
  1. Cross-reference Sòm 94:17
  2. Cross-reference Nonb 16:30
  3. Cross-reference Job 22:11
  4. Cross-reference Job 38:11
  5. Cross-reference Sòm 27:2
  6. Cross-reference Sòm 91:3
  7. Cross-reference Jen 1:1

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.