Bib Sen An
Sòm Yo 123
Yon chan pou monte vè tanp lan.
A Ou menm, mwen leve zye mwen,
O Ou menm 1ki chita sou
twòn Ou nan syèl la!
Men gade, jan zye a 2sèvitè yo rete sou men a mèt yo,
Jan zye a yon sèvant sou men mètrès li,
Se konsa, zye nou ye vè SENYÈ a, Bondye nou an, jiskaske li fè nou gras.
Bannou gras, O SENYÈ, bannou gras,
paske nou ranpli 3ak mepriz.
Nanm nou ranpli ak 4ensilt a sila ki alèz yo,
avèk mepriz a sila ki plen ògèy yo.
Source notes (4)
- Cross-reference Sòm 2:4
- Cross-reference Pwov 27:18
- Cross-reference Né 4:4
- Cross-reference Né 2:19
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.