Bib Sen An
Sòm Yo 122
Yon Sòm pou monte vè tanp lan. Yon Sòm David.
Mwen te kontan lè yo te di mwen,
“Annou 1ale lakay SENYÈ a.”
Pye nou kanpe anndan pòtay ou yo, O Jérusalem!
Jérusalem, ki bati kon yon vil ki 2kole dyanm ansanm,
sou sila, tribi yo konn 3monte, menm tribi a SENYÈ yo,
yon òdonans pou Israël, pou bay remèsiman a non SENYÈ a.
Paske la, 4twòn yo te plase pou jijman,
twòn lakay David yo.
Priye pou lapè Jérusalem.
Sila ki renmen ou yo va 5pwospere.
Ke lapè kapab anndan miray ou yo, e pwosperite nan 6palè ou yo.
Pou koz a frè m yo ak zanmi mwen yo, m ap di koulye a, 7
“Ke lapè anndan ou”. 8
Pou koz a kay SENYÈ a, Bondye nou an, mwen va chache byen ou.
Source notes (8)
- Cross-reference Sòm 42:4
- Cross-reference II Sam 5:9
- Cross-reference Egz 23:17
- Cross-reference Det 17:8
- Cross-reference Sòm 102:14
- Cross-reference Sòm 48:3-13
- Cross-reference I Sam 25:6
- Cross-reference Né 2:10
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.