Bib Sen An
Sòm Yo 121
Yon Sòm pou monte vè tanp lan
Mwen leve zye m vè 1mòn yo.
Se kibò sekou mwen va sòti?
Sekou m sòti nan SENYÈ a,
ki 2te fè syèl la ak tè a.
Li 3p ap kite pye ou chape.
Sila ki kenbe Israël la p ap kabicha, ni dòmi.
Gade byen, Sila ki kenbe Israël p ap kabicha, ni Li p ap dòmi.
SENYÈ a se 4gadyen ou.
SENYÈ a se lonbraj a men dwat ou. 5
Solèy p ap frape ou lajounen,
ni lalin pandan lannwit.
SENYÈ a va pwoteje ou de tout mal.
Li va kenbe nanm ou.
Li va 6pwoteje ou lè ou sòti ak lè ou antre,
depi nan moman sa a e jis rive pou tout tan.
Source notes (6)
- Cross-reference Sòm 87:1
- Cross-reference Sòm 115:15
- Cross-reference I Sam 2:9
- Cross-reference Sòm 91:4
- Cross-reference Sòm 91:5
- Cross-reference Det 28:6
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.