Bib Sen An
Sòm Yo 120
Yon chanson pou monte vè tanp lan
Nan gran twoub mwen an, mwen te kriye a SENYÈ a.
Li te reponn mwen.
Delivre nanm mwen, O SENYÈ, de lèv k ap bay desepsyon,
de lang ki plen manti yo.
Kisa pou W ta resevwa, e kisa pou m ta fè ou, O 2lang mansonjè?
Flèch pwent file a gèrye yo, avèk chabon pye gayak tou limen.
Malè a mwen, paske mwen demere nan tant a 3Méschec,
Paske mwen rete pami tant a Kédar yo!
Nanm mwen gen demè li avèk sila ki 4
rayi lapè yo pandan twòp tan.
Mwen 5vle lapè, men lè m pale, se lagè yo pito.
Source notes (5)
- Cross-reference Sòm 18:6
- Cross-reference Sòm 52:4
- Cross-reference Jen 10:2
- Cross-reference Sòm 35:20
- Cross-reference Sòm 109:4
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.