Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Sòm Yo 119

ALÈPH.

A la beni se sila ak chemen ki 1san fot yo,

ki mache nan lalwa SENYÈ a.

A la beni se sila ki kenbe temwayaj Li yo,

Ki chache Li 2ak tout kè yo.

Ki 3pa fè okenn inikite. Yo mache nan chemen Li yo.

Ou te 4òdone règleman Ou yo, pou nou ta kenbe yo ak dilijans.

O ke chemen mwen yo kapab vin etabli

pou kenbe règleman Ou yo!

Konsa, mwen p ap vin desi lè m gade

kòmandman Ou yo.

Mwen va bay Ou remèsiman avèk yon kè ki dwat,

lè mwen aprann jijman dwat Ou yo.

Mwen va kenbe règleman Ou yo.

Pa abandone m nèt!

BETH

Kijan yon jennonm kapab kenbe wout li yo san fot? 5

Nan kenbe li selon pawòl Ou.

Ak 6tout kè mwen, mwen te chache Ou.

Pa kite mwen vin egare e kite lòd Ou yo.

Pawòl Ou yo, mwen te kenbe yo nan kè m,

pou m pa t peche kont Ou.

Beni se Ou menm SENYÈ a.

Enstwi mwen nan règleman Ou yo.

Avèk lèv mwen, mwen te pale selon

tout òdonans bouch Ou yo.

Mwen te rejwi nan chemen temwayaj Ou yo,

konsi se nan tout richès yo.

Mwen va reflechi sou règleman Ou yo,

e okipe chemen Ou yo.

Mwen va 7rejwi nan lòd Ou yo.

Mwen p ap bliye pawòl Ou.

GIMEL

Aji ak gras avèk sèvitè Ou a,

pou m kab viv e kenbe pawòl Ou.

Ouvri zye m pou m kab wè bèl bagay nan lalwa Ou yo.

Mwen se yon 8etranje sou latè.

Pa kache kòmandman Ou yo de mwen.

Nanm mwen kraze ak anvi pou òdonans Ou yo tout tan.

Ou repwoche ògeye yo, moun madichonnen 9yo,

k ap egare kite kòmandman Ou yo.

Retire repwòch ak mepri a sou mwen,

paske mwen obsève temwayaj Ou yo.

Malgre prens yo vin chita pou pale kont mwen,

Sèvitè Ou va reflechi tout tan sou règleman Ou yo.

Anplis, temwayaj Ou yo se plezi mwen ak konseye mwen yo.

DALETH

Nanm mwen kole rèd nan pousyè a.

Fè m leve selon pawòl Ou.

Mwen te pale sou chemen mwen yo,

e Ou te reponn mwen. 10

Enstwi mwen nan règleman Ou yo.

Fè m konprann chemen òdonans Ou yo,

pou m kab reflechi tout tan sou mèvèy Ou yo. 11

Nanm mwen ap kriye akoz doulè.

Ban m fòs selon pawòl Ou a.

Retire sou mwen fo chemen an e

ban mwen gras nan lalwa Ou a.

Mwen te chwazi chemen fidèl Ou a.

Mwen te mete òdonans Ou yo devan m.

Mwen 12kole rèd de temwayaj Ou yo.

O SENYÈ, pa fè m desi.

Mwen va kouri nan vwa kòmandman Ou yo,

paske Ou va fè kè m vin grandi.

HE

Enstwi mwen, O SENYÈ, nan chemen règleman Ou yo

e mwen va obsève li jiska lafen.

Ban mwen bon konprann, pou m kab obsève lalwa Ou.

Konsa, mwen va kenbe li ak tout kè m.

Fè m mache nan pa kòmandman Ou yo,

paske sa fè kè m kontan.

Enkline kè m a temwayaj Ou yo,

e pa nan ranmase richès malonèt.

Vire zye m pou yo pa gade vanite e

fè m reprann mwen nan chemen Ou yo. 13

Etabli pawòl Ou a Sèvitè Ou a,

kon sila ki gen lakrent Ou.

Detounen lwen m repwòch Ou ke mwen

krent anpil, paske òdonans Ou yo bon.

Gade byen, mwen gen anpil anvi pou òdonans Ou yo!

Fè m remonte nan ladwati Ou.

VAV

Anplis, ke lanmou dous Ou a kapab rive kote mwen,

O SENYÈ, sali Ou a selon pawòl Ou.

Pou m kab genyen yon repons pou sila ki repwoche m nan,

paske mwen mete konfyans mwen nan pawòl Ou.

Pa retire pawòl verite a pou l ta kite bouch mwen nèt,

Paske se òdonans Ou yo ke m ap tann.

Konsa, mwen va kenbe lalwa Ou tout tan nèt,

pou tout tan e pou tout tan.

Epi mwen va 14mache nan libète,

paske se òdonans Ou ke m chache.

Anplis, mwen va pale sou temwayaj Ou yo 15

devan wa yo, e mwen p ap desi.

Mwen va pran plezi nan kòmandman Ou yo,

ke mwen tèlman renmen.

Mwen va lonje men m vè kòmandman Ou yo

ke m tèlman renmen.

Mwen va reflechi tout tan sou règleman Ou yo.

ZAYIN

Sonje pawòl a sèvitè Ou a.

Se nan li Ou te fè m gen espwa a.

Se sa ki ban m rekonfò nan mizè mwen an,

paske se pawòl Ou ki fè m rekouvri fòs.

Moun awogan yo meprize m nèt,

men mwen pa 16vire kite lalwa Ou.

Mwen te sonje òdonans Ou yo depi nan tan ansyen, O SENYÈ,

e yo rekonfòte mwen.

Chalè endiyasyon gen tan pran m akoz mechan yo,

ki 17abandone lalwa Ou.

Règleman Ou yo se chanson mwen

nan kay kote m 18demere.

O SENYÈ, Mwen sonje non Ou nan lannwit e

mwen kenbe lalwa Ou.

Se sa ki chemen m,

mwen kenbe tout òdonans Ou yo.

HETH

Se SENYÈ a ki pòsyon mwen.

Mwen te fè pwomès pou 19kenbe pawòl Ou yo.

Mwen te 20chache favè Ou ak tout kè m.

Fè m gras selon pawòl Ou.

Mwen te 21konsidere chemen mwen yo,

e te vire pye m vè temwayaj Ou yo.

Mwen te fè vit e mwen pa t fè reta

pou obeyi kòmandman Ou yo. 22

Kòd a mechan yo te antoure m,

men mwen pa t bliye lalwa Ou.

A minwi, mwen va leve bay Ou remèsiman,

akoz òdonans dwat Ou yo.

Mwen se zanmi parèy a tout sila ki

gen lakrent Ou yo ak sila ki swiv règleman Ou yo.

Latè ranpli ak lanmou dous Ou a, O SENYÈ.

Enstwi m règleman Ou yo.

TETH

Ou te aji ak sèvitè Ou a, O SENYÈ, selon pawòl Ou.

Enstwi mwen pou m 23sèvi bon jijman ak konesans,

Paske mwen kwè nan kòmandman Ou yo.

Avan mwen te aflije, mwen te mache nan wout egare,

men koulye a, mwen swiv pawòl Ou.

Ou bon e Ou 24fè sa ki bon.

Enstwi mwen nan règleman Ou yo.

Awogan yo te fòje yon manti kont mwen.

Avèk tout kè m, mwen va obsève tout òdonans Ou yo.

Kè yo rèd, 25kouvri ak grès, men mwen pran plezi nan lalwa Ou.

Li bon pou mwen ke m te aflije,

pou m te kab aprann règleman Ou yo.

Lalwa bouch Ou pi bon pou mwen,

pase pyès lò ak ajan pa milye.

YODH

Men Ou te fè m e te fòme mwen.

Ban m bon konprann pou m kab aprann kòmandman Ou yo.

Ke sila ki krent Ou yo kapab wè m e fè kè kontan.

Paske mwen mete espwa m pawòl Ou yo.

Mwen konnen, O SENYÈ, ke jijman Ou yo dwat,

ke se nan 26fidelite, Ou te aflije mwen.

O ke lanmou dous Ou a kapab konsole mwen,

Selon pawòl Ou a sèvitè Ou a.

Ke mizerikòd Ou kapab rive kote mwen, pou m kab viv,

paske lalwa Ou se plezi mwen.

Ke 27awogan yo kapab vin desi, paske

yo desann mwen, ranvèse mwen ak manti.

Men mwen va reflechi tout tan sou òdonans Ou yo.

Ke sila ki krent Ou yo kapab vire kote mwen.

Yo va konnen règleman Ou yo.

Ke kè m kapab san tò nan règleman Ou yo,

pou m pa vin desi.

KAPH

Nanm mwen fè gwo anvi pou sali Ou.

Se pawòl Ou m ap tann.

Zye m vin ba ak anvi pawòl Ou,

pandan m ap di: “Kilè W ap vin konsole mwen?”

Sepandan, mwen vin tankou yon vye kwi diven k ap pran lafimen,

Mwen pa bliye règleman Ou yo.

Konbyen jou sèvitè Ou gen?

Se kilè Ou va 28pase jijman sou sila ki pèsekite mwen yo?

Awogan yo fin fouye fòs yo pou mwen,

Sila ki pa an akò ak lalwa Ou yo.

Tout kòmandman Ou yo fidèl.

Se ak manti yo te pèsekite mwen.

Fè m sekou!

Yo te prèske fin detwi m sou latè,

Men pou mwen, mwen 29pa t kite

òdonans Ou yo.

Fè m reprann mwen selon lanmou dous Ou a,

Pou m kab kenbe temwayaj a bouch Ou yo.

LAMEDH

Jis pou tout tan, O SENYÈ, pawòl Ou fin

etabli nan syèl la.

Fidelite Ou pandan tout jenerasyon yo.

Ou te etabli tè a e li vin kanpe nèt.

Yo kanpe nan jou sa a selon 30lòd Ou.

Paske tout bagay se sèvitè Ou.

Si lalwa Ou pa t plezi mwen,

mwen t ap gen tan peri nan mizè mwen an.

Mwen p ap janm bliye òdonans Ou yo,

Paske se avèk yo menm ke Ou fè m reprann fòs.

Se pa W mwen ye. Fè m sekou!

Paske mwen te chache òdonans Ou yo.

Mechan yo ap tann mwen pou detwi m.

Se ak dilijans ke mwen konsidere temwayaj Ou yo.

Mwen gen tan fin wè lizyè a tout pèfèksyon,

men kòmandman Ou an vrèman vast.

MEM

O! A la mwen renmen lalwa Ou a!

Se sou li ke m 31reflechi tout lajounen. 32

Kòmandman Ou yo fè m pi saj pase ènmi m yo,

Paske yo toujou pou mwen.

Mwen vin gen plis konprann pase tout pwofesè mwen yo,

Paske temwayaj Ou yo se meditasyon mwen.

Mwen gen konprann plis pase granmoun yo,

akoz mwen te swiv òdonans Ou yo.

Mwen te 33anpeche pye m antre

nan tout wout ki gen mechanste,

Pou m te kab kenbe pawòl Ou.

Mwen pa t 34vire kite règleman Ou yo,

paske se Ou menm ki te enstwi m.

A la pawòl Ou yo dous nan gou mwen!

Wi, pi dous pase siwo myèl nan bouch mwen!

Soti nan òdonans Ou yo, mwen jwenn bon konprann.

Pou sa, mwen rayi tout fo chemen yo.

NUN

Pawòl Ou se yon lanp pou pye m, e

yon limyè nan pa pye mwen.

Mwen te sèmante e mwen va konfime sa,

Ke m va kenbe òdonans Ou yo.

Mwen vin aflije anpil, anpil; fè m reprann fòs mwen,

O SENYÈ, selon pawòl Ou.

O aksepte 35ofrann bòn volonte a bouch mwen an,

O SENYÈ, enstwi mwen nan òdonans Ou yo. 36

Lavi m tout tan nan men m,

malgre, mwen pa bliye lalwa Ou a.

Mechan yo te poze yon pèlen pou mwen,

malgre, mwen pa t varye soti nan òdonans Ou yo.

Mwen te 37eritye temwayaj Ou yo pou tout tan,

paske se yo ki lajwa kè m.

Mwen te enkline kè m pou fè règleman Ou yo

jis pou tout tan, jiska lafen.

SAMEKH

Mwen rayi moun ki 38gen de fas, men mwen renmen lalwa Ou a.

Ou se kote a pou m kache a ak 39boukliye mwen,

Mwen ap mete espwa m nan pawòl Ou.

Kite mwen, malfektè, pou m kab swiv

kòmandman a Bondye mwen yo.

Soutni mwen selon pawòl Ou, pou m kab viv.

Pa kite mwen vin wont nan espwa mwen.

Kenbe mwen pou m kab jwenn sekou, pou m gen

konsiderasyon pou règleman Ou yo tout tan.

Ou te rejte tout sila ki te egare kite règleman Ou yo,

paske sediksyon yo a pa reyisi.

Ou te fè tout mechan sou latè yo disparèt tankou 40kim initil.

Pou sa, mwen renmen temwayaj Ou yo.

Chè m ap tranble akoz lakrent Ou menm, e mwen gen laperèz jijman Ou yo.

AYIN

Mwen te 41fè sa ki jis e dwat.

Pa kite mwen nan men opresè mwen yo.

Aji kon 42soutyen pou bonte a sèvitè Ou a.

Pa kite awogan yo oprime mwen.

Zye m bese ak anvi wè delivrans Ou,

avèk pawòl ladwati Ou.

Aji avèk sèvitè Ou 43selon lanmou dous Ou a

e enstwi mwen nan règleman Ou yo.

Mwen se sèvitè Ou. Fè m konprann

pou m konnen temwayaj Ou yo.

Se lè pou Ou 44aji, SENYÈ,

paske yo te vyole lalwa Ou a.

Pou sa, mwen renmen kòmandman Ou yo,

plis pase lò, wi plis pase lò fen.

Pou sa, mwen konsidere byen tout

òdonans Ou yo selon tout bagay.

Mwen rayi tout sa ki fo.

PE

Temwayaj Ou yo mèvèye.

Akoz sa, nanm mwen toujou swiv yo.

Lè pawòl 45Ou antre, li bay limyè.

Li bay bon konprann a sila ki senp yo.

Mwen te louvri bouch mwen byen laj e

te rale souf mwen byen vit.

Se konsa mwen te gen anvi pou kòmandman Ou yo.

Vire kote mwen e fè m gras,

menm jan ke Ou konn fè ak sila ki renmen non Ou yo.

Byen etabli tout pa mwen yo nan pawòl Ou,

e pa kite inikite vin domine sou mwen.

Rachte mwen anba opresyon a lòm,

pou m kab kenbe òdonans Ou yo. 46

Fè figi Ou klere sou sèvitè Ou a,

e enstwi mwen nan règleman Ou yo.

Se 47rivyè dlo menm ki koule sòti nan zye m,

akoz yo menm ki pa kenbe lalwa Ou a.

TZADHE

Ou48dwat, O SENYÈ e jis se jijman Ou yo.

Ou te kòmande tout temwayaj Ou yo ak ladwati.

Yo fidèl nèt.

Zèl mwen fin manje m nèt,

akoz advèsè mwen yo te bliye pawòl Ou yo.

Pawòl Ou san tach; akoz sa, sèvitè Ou a renmen yo anpil.

Mwen vin piti e meprize.

Mwen pa janm bliye òdonans Ou yo.

Ladwati Ou se yon dwati ki jis pou tout tan e lalwa Ou se verite.

Twoub ak doulè gen tan rive sou mwen.

Malgre kòmandman Ou yo se plezi mwen.

Temwayaj Ou yo dwat jis pou tout tan.

Ban mwen bon konprann pou m kab viv.

QOPH

Mwen te kriye ak tout kè mwen.

Reponn mwen, O SENYÈ!

Mwen va swiv tout règleman Ou yo.

Mwen te kriye a Ou menm. Sove mwen!

Mwen va obeyi tout regleman Ou yo.

Mwen leve avan solèy leve pou kriye pou sekou.

Mwen ap tann pawòl Ou yo.

Zye m rete ouvè pandan vèy nwit lan,

konsa, pou m kab reflechi san rete sou pawòl Ou.

Tande vwa m selon lanmou dous Ou a.

Fè m reprann fòs mwen, O SENYÈ, selon règleman Ou yo.

Sila ki swiv mechanste yo apwoche. Yo lwen lalwa Ou a.

Ou toupre, O SENYÈ e tout kòmandman Ou yo se verite.

Depi nan tan ansyen yo, mwen te 49konnen de temwayaj Ou yo,

ke Ou te etabli yo jis pou tout tan yo.

RESH

50

Gade sou afliksyon mwen an e delivre m,

paske mwen pa bliye lalwa Ou a. 51

Plede kòz mwen e rachte mwen!

Fè m reprann fòs mwen selon pawòl Ou.

Sali a 52lwen mechan yo, paske yo pa chache règleman pa W yo. 53

Gran se mizerikòd Ou yo, O SENYÈ.

Fè m reprann fòs mwen selon òdonans Ou yo.

Anpil se pèsekitè mwen yo, ak advèsè mwen yo.

Malgre mwen pa vire kite temwayaj Ou yo.

Mwen gade 54moun trèt yo e mwen rayi yo nèt,

akoz yo pa kenbe pawòl Ou.

Konsidere jan mwen renmen òdonans Ou yo.

Fè m reprann fòs, O SENYÈ, selon lanmou dous Ou a.

Fòs Kantite tout pawòl Ou yo se verite, e

tout règleman dwat Ou yo la jis pou tout tan.

SIN AK SHIN

55

Prens yo pèsekite mwen san koz,

men kè m kanpe etone devan pawòl Ou yo.

Mwen rejwi nan pawòl Ou kon

yon moun ki 56jwenn gwo piyaj.

Mwen rayi tankou bagay abominab, tout sa ki fo.

Men lalwa Ou a, mwen renmen l nèt.

Sèt fwa pa jou mwen louwe Ou,

akoz òdonans dwat Ou yo.

Sila ki renmen lalwa Ou yo gen gwo lapè.

Pa gen anyen pou ta fè yo chite.

Mwen espere 57gen Sali Ou, O SENYÈ.

Mwen te fè kòmandman Ou yo.

Nanm mwen kenbe temwayaj Ou yo.

Mwen renmen yo anpil anpil.

Mwen kenbe òdonans Ou yo avèk temwayaj Ou yo,

Paske se 58tout chemen mwen yo ki devan Ou.

TAV

Kite kri mwen vini devan Ou, O SENYÈ.

Ban mwen konesans selon pawòl Ou.

Kite siplikasyon mwen yo parèt devan Ou. 59

Delivre mwen selon pawòl Ou.

Kite lèv mwen eksprime lwanj,

paske Ou enstwi mwen nan règleman Ou yo.

Kite lang mwen chante de pawòl Ou,

paske tout kòmandman Ou yo dwat.

Kite men Ou parèt pou fè m sekou,

paske mwen te 60chwazi òdonans Ou yo.

Mwen anvi wè delivrans Ou, O SENYÈ.

Lalwa Ou se gran plezi mwen.

Kite 61nanm mwen viv pou l kapab louwe Ou.

Kite òdonans Ou yo ban m sekou.

Mwen te 62vin egare tankou yon mouton pèdi.

Chache jwenn sèvitè Ou a, paske mwen pa bliye kòmandman Ou yo.

Source notes (62)
  1. Cross-reference Sòm 128:1
  2. Cross-reference Det 6:5
  3. Cross-reference I Jn 3:9
  4. Cross-reference Det 4:13
  5. Cross-reference I Wa 2:4
  6. Cross-reference II Kwo 15:15
  7. Cross-reference Sòm 1:2
  8. Cross-reference Jen 47:9
  9. Cross-reference Det 27:26
  10. Cross-reference Sòm 25:4
  11. Cross-reference Sòm 22:14
  12. Cross-reference Det 11:22
  13. Cross-reference II Sam 7:25
  14. Cross-reference Pwov 4:12
  15. Cross-reference Mat 10:18
  16. Cross-reference Job 23:11
  17. Cross-reference Sòm 89:30
  18. Cross-reference Jen 47:9
  19. Cross-reference Det 33:9
  20. Cross-reference I Wa 13:6
  21. Cross-reference Mc 14:72
  22. Cross-reference Job 36:8
  23. Cross-reference Phm 1:9
  24. Cross-reference Det 8:16
  25. Cross-reference Det 32:15
  26. Cross-reference Eb 12:10
  27. Cross-reference Jr 50:32
  28. Cross-reference Rev 6:10
  29. Cross-reference És 58:2
  30. Cross-reference Jr 31:35
  31. Cross-reference Sòm 1:2
  32. Cross-reference Det 4:6
  33. Cross-reference Pwov 1:15
  34. Cross-reference Det 17:20
  35. Cross-reference Os 14:2
  36. Cross-reference Jij 12:3
  37. Cross-reference Det 33:4
  38. Cross-reference I Wa 18:21
  39. Cross-reference Sòm 84:9
  40. Cross-reference És 1:22-25
  41. Cross-reference II Sam 8:15
  42. Cross-reference Job 17:3
  43. Cross-reference Sòm 51:1
  44. Cross-reference Jr 18:23
  45. Cross-reference Pwov 6:23
  46. Cross-reference Nonb 6:25
  47. Cross-reference Jr 9:1-18
  48. Cross-reference Esd 9:15
  49. Cross-reference Sòm 119:125
  50. Cross-reference Lam 5:1
  51. Cross-reference I Sam 24:15
  52. Cross-reference Job 5:4
  53. Cross-reference II Sam 24:14
  54. Cross-reference És 21:2
  55. Cross-reference I Sam 24:11
  56. Cross-reference I Sam 30:16
  57. Cross-reference Jen 49:18
  58. Cross-reference Job 24:23
  59. Cross-reference Sòm 22:20
  60. Cross-reference Jos 24:22
  61. Cross-reference És 55:3
  62. Cross-reference És 53:6

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.