Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Sòm Yo 118

Bay remèsiman a SENYÈ a, paske Li bon.

Lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.

O kite 1Israël di: “Lanmou dous Li a se pou tout tan”.

O kite 2lakay Aaron di: “Lanmou dous Li a se pou tout tan.”

O kite sila 3ki krent SENYÈ yo di:

“Lanmou dous Li a se pou tout tan.”

Depi nan 4gran pwoblèm mwen yo, mwen te rele SENYÈ a;

SENYÈ a te reponn mwen e te mete m yon kote byen laj.

SENYÈ a pou mwen; mwen pa pè. 5

Kisa lòm kab fè m?

SENYÈ a pou mwen pami sila ki ede mwen yo;

Akoz sa, mwen va gade ak kè kontan sila ki rayi mwen yo.

Li 6pi bon pou kache nan SENYÈ a,

pase pou mete konfyans nan lòm.

Li 7pi bon pou kache nan SENYÈ a,

pase pou mete konfyans nan prens yo.

Tout nasyon yo 8te antoure mwen.

Nan non SENYÈ a, mwen te anverite, koupe retire yo nèt.

Yo te antoure mwen, wi, yo te antoure mwen.

Nan non SENYÈ a, mwen va anverite, koupe retire yo nèt.

Yo te antoure mwen 9tankou myèl.

Yo te efase nèt tankou dife nan bwa pikan.

Nan non SENYÈ a, mwen va anverite, koupe retire yo nèt.

Ou te pouse mwen ak vyolans jiskaske mwen t ap tonbe,

Men SENYÈ a te 10fè m sekou.

SENYÈ a se fòs mwen ak chanson mwen.

Li te vin sali mwen.

Son lajwa eklate ak delivrans nan tant a moun ki dwat yo.

Men 11dwat a SENYÈ a se vanyan!

Men dwat a SENYÈ a leve wo!

Men 12dwat a SENYÈ a se vanyan!

Mwen p ap mouri, men m ap viv,

e mwen va 13pale sou zèv a SENYÈ yo.

SENYÈ a te 14korije m ak severite,

men Li pa t lage mwen a lanmò. 15

Ouvri pòtay ladwati yo pou mwen.

Mwen va antre nan yo.

Mwen va bay remèsiman a SENYÈ a.

Sa se pòtay SENYÈ a. 16

Moun ladwati yo va antre ladann.

Mwen va bay Ou remèsiman,

paske Ou te 17reponn mwen,

e Ou te vin sali mwen. 18

Wòch ke sila ki t ap bati yo te refize a,

gen tan vini wòch ang prensipal la.

Sa fèt pa SENYÈ a.

Li se yon mèvèy nan zye nou.

Sa se jou ke SENYÈ a te fè.

Annou 19rejwi nou e fè kè kontan ladann.

O SENYÈ, sove nou koulye a, nou sipliye Ou!

O SENYÈ, nou sipliye Ou, voye 20 abondans! 21

Beni se sila ki vini nan non SENYÈ a!

Nou te beni Ou depi lakay SENYÈ a.

SENYÈ a se Bondye, e Li te bannou 22limyè.

Mare sakrifis la ak kòd sou kòn lotèl yo.

Ou se Bondye mwen e mwen va bay Ou remèsiman;

Ou se Bondye mwen e mwen va leve Ou wo.

Bay remèsiman a SENYÈ a, paske Li bon!

Paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.

Source notes (22)
  1. Cross-reference Sòm 115:9
  2. Cross-reference Sòm 115:10
  3. Cross-reference Sòm 115:11
  4. Cross-reference Sòm 18:6
  5. Cross-reference Sòm 56:4-11
  6. Cross-reference II Kwo 32:7-8
  7. Cross-reference Sòm 146:3
  8. Cross-reference Sòm 3:6
  9. Cross-reference Det 1:44
  10. Cross-reference Sòm 86:17
  11. Cross-reference Egz 15:6
  12. Cross-reference Egz 15:6
  13. Cross-reference Sòm 73:28
  14. Cross-reference Sòm 73:14
  15. Cross-reference És 26:2
  16. Cross-reference Sòm 15:1-2
  17. Cross-reference Sòm 116:1
  18. Cross-reference Mat 21:42
  19. Cross-reference Sòm 31:7
  20. Cross-reference Sòm 122:6-7
  21. Cross-reference Mat 21:9
  22. Cross-reference Est 8:16

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.