Bib Sen An
Sòm Yo 112
Louwe SENYÈ a!
A la beni nonm 1 ki krent SENYÈ a beni!
Sila ki pran gwo plezi nan kòmandman Li yo.
Desandan li yo va pwisan sou latè.
Jenerasyon ladwati a va beni.
Anpil byen ak gwo richès rete lakay li.
Ladwati li dire pou tout tan.
Limyè vin leve nan tenèb 2pou moun ladwati a;
Li plen gras ak mizerikòd, ak jistis.
L ale byen pou nonm nan ki 3gen mizerikòd e ki prete;
Li va prezève koz li a nan jijman an.
Paske li p ap janm ebranle.
Moun 4dwat la va sonje jis pou tout tan.
Li p ap krent move nouvèl.
Kè Li fèm 5ak konfyans nan SENYÈ a. 6
Kè li kanpe dyanm.
Li pa pè anyen, jiskaske dènye moman an lè
li gade ak kè kontan advèsè li yo.
Li 7te bay ak jenewozite a pòv yo.
Ladwati li dire jis pou tout tan.
Kòn li va egzalte nan lonè.
Mechan an va wè l e l ap vekse nèt.
Li va 8manje dan l e vin fonn pou l disparèt.
Dezi a mechan an va peri.
Source notes (8)
- Cross-reference Sòm 128:1
- Cross-reference Job 11:17
- Cross-reference Sòm 37:21
- Cross-reference Sòm 15:5
- Cross-reference Sòm 56:4
- Cross-reference Eb 13:9
- Cross-reference II Kor 9:9
- Cross-reference Sòm 35:16
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.