Bib Sen An
Sòm Yo 113
Louwe SENYÈ a!
Louwe, O 1sèvitè a SENYÈ yo,
Louwe non SENYÈ a. 2
Beni se non SENYÈ a,
soti nan tan sa a e jis pou tout tan. 3
Depi solèy leve jiskaske li kouche,
non SENYÈ a dwe louwe.
SENYÈ a 4wo, anwo tout nasyon yo!
Glwa Li pi wo syèl yo!
Se 5kilès ki tankou SENYÈ a, Bondye nou an,
Ki sou twòn Li anwo a,
ki 6abese tèt Li pou gade tout bagay
ki nan syèl yo ak sou latè yo?
Li 7fè malere a leve sòti nan pousyè a
e leve endijan an sòti nan pil sann nan,
pou fè yo 8chita avèk prens yo.
Menm avèk prens a pèp Li yo.
Li 9fè fanm steril la vin rete nan kay
kon yon manman pitit ak kè kontan.
Louwe SENYÈ a!
Source notes (9)
- Cross-reference Sòm 34:22
- Cross-reference Sòm 145:21
- Cross-reference Sòm 50:1
- Cross-reference Sòm 8:1
- Cross-reference Egz 15:11
- Cross-reference Sòm 11:4
- Cross-reference I Sam 2:6
- Cross-reference Job 36:7
- Cross-reference I Sam 2:5
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.