Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Sòm Yo 111

Louwe SENYÈ a!

Mwen va bay lwanj a SENYÈ a ak tout kè m, 1

Ansanm ak moun ladwati yo ak nan asanble a. 2

Gran se zèv a SENYÈ yo!

Yo etidye pa tout moun ki pran plezi nan yo.

Ranpli ak bèlte avèk majeste se zèv Li yo.

Ladwati Li dire jis pou tout tan.

Li te fè mèvèy Li yo pou nou sonje nèt.

SENYÈ a 3ranpli ak gras avèk mizerikòd.

Li te 4bay manje a sila ki gen lakrent Li yo.

Li va sonje akò Li a jis pou tout tan.

Li te fè pèp Li wè pouvwa a zèv Li yo,

lè L te bay yo nasyon yo kon eritaj.

Zèv men Li yo se 5verite avèk jistis.

Tout prensip Li yo vrè.

Yo va 6andire jis pou tout tan.

Yo fèt nan verite avèk ladwati.

Li te voye 7delivrans a pèp Li a.

Li te òdone akò Li a jis pou tout tan.

Sen e mèvèye, se non Li. 8

Lakrent SENYÈ a se kòmansman sajès.

Tout sila ki fè kòmandman Li yo gen bon konprann.

Lwanj Li dire jis pou tout tan!

Source notes (8)
  1. Cross-reference Sòm 89:7
  2. Cross-reference Sòm 92:5
  3. Cross-reference Sòm 86:5-17
  4. Cross-reference Mat 6:31-33
  5. Cross-reference Rev 13:3
  6. Cross-reference Sòm 119:160
  7. Cross-reference Luc 1:69
  8. Cross-reference Job 28:28

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.