Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Sòm Yo 110

Yon Sòm David

1

SENYÈ a di a Senyè mwen an: “Chita bò kote men dwat Mwen

Jiskaske Mwen fè ènmi Ou yo vin yon machpye pou Ou.”

SENYÈ a va lonje 2baton wayal Ou a soti nan Sion e di:

“Se pou ou renye nan mitan ènmi Ou yo”.

Pèp Ou a va sèvi ak bòn volonte nan jou pouvwa Ou yo.

Yo parèt an sentete, soti nan zantray maten an;

ak jennes Ou, tankou 3lawouzaj gran maten an.

SENYÈ a fin sèmante. Li 4p ap chanje panse L:

“Ou se yon prèt jis pou tout tan selon lòd Melchisédek.”

SENYÈ a sou men dwat ou.

Li va 5kraze wa yo nan jou kòlè Li a.

Li va 6jije pami nasyon yo.

Li fè gwo pil kadav yo,

Li va brize tèt a chèf tout latè a.

Li va 7bwè nan flèv pandan L an wout;

konsa, Li va leve tèt Li wo.

Source notes (7)
  1. Cross-reference Mat 22:44
  2. Cross-reference Sòm 45:6
  3. Cross-reference II Sam 17:12
  4. Cross-reference Nonb 23:19
  5. Cross-reference Sòm 68:14
  6. Cross-reference És 2:4
  7. Cross-reference Jij 7:5-6

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.