Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Sòm Yo 109

Pou direktè koral la; Yon Sòm David

O Bondye lwanj mwen an, 1pa rete an silans!

Paske yo te ouvri bouch 2desepsyon ak mechanste a kont mwen.

Yo te pale kont mwen avèk yon lang k ap manti.

Anplis, yo te antoure mwen avèk pawòl ki plen rayisman

E yo te goumen kont mwen 3san koz.

An echanj pou lanmou m, yo te aji kon akizatè mwen;

men mwen toujou ap priye.

Konsa, yo te rekonpanse mwen mal pou byen ak 4rayisman pou lanmou m.

Plase yon nonm mechan sou li e kite

yon akizatè kanpe sou men dwat Li.

Lè l fin jije, kite li sòti koupab

e kite 5lapriyè li devni peche.

Kite jou li yo vin mwens.

Kite 6yon lòt moun pran pozisyon li.

Kite pitit li yo rete san papa,

e kite 7madanm li vin vèv.

Kite pitit li yo mache egare, e mande nan lari.

Kite yo chache yo nan kay kraze a kote yo rete.

Kite moun li dwe, sezi tout sa li posede

e etranje yo piyaje tout sa li pwodwi.

Kite l rive ke nanpwen moun ki pou ofri li lanmou dous,

Ni okenn moun ki pou fè gras a òfelen li yo.

Kite desandan li yo koupe retire nèt.

Nan jenerasyon ki swiv yo, kite 8non yo

efase nèt.

Kite 9inikite a papa zansèt li yo vin sonje devan SENYÈ a,

E pa kite peche a manman l yo vin efase.

Kite yo devan SENYÈ a tout tan pou L 10

koupe retire memwa yo sou latè,

akoz li pa t sonje montre lanmou dous,

men te pèsekite e te aflije malere a,

ak sila ki dekouraje nan kè l la,

pou l mete yo a lanmò.

Anplis, li te renmen bay madichon.

Konsa, 11madichon an te retounen sou li.

Li pa t renmen beni.

Konsa, sa te rete lwen l.

Men li te abiye li menm ak madichon tankou vètman,

e sa te 12fonse nan kò l tankou dlo, tankou lwil, sa rive nan zo li.

Kite sa rive li tankou yon 13vètman k ap sèvi pou kouvri kò l,

paske sentiwon sa a ap toujou mare l.

Kite SENYÈ a bay sa kon rekonpans akizatè mwen yo,

ak sila ki 14pale mal kont nanm mwen yo.

Men Ou menm, O Bondye, SENYÈ a,

aji dousman avè m 15pou koz a non Ou.

Akoz lanmou dous Ou a bon, delivre m,

paske mwen aflije e malere.

Kè m blese anndan m.

Mwen ap pase tankou yon lonbraj ki vin long.

Mwen souke retire tankou 16krikèt volan.

Jenou m vin fèb nan fè 17jèn

e chè m vin mèg, san grès.

Mwen menm, anplis, te vin yon repwòch a yo menm.

Lè yo wè m, yo 18souke tèt yo. 19

Fè m sekou, O SENYÈ, Bondye mwen an.

Sove mwen selon lanmou dous Ou a.

Konsa, ya konnen ke sa te fèt pa men Ou,

ke se Ou menm, SENYÈ a, ki te fè l.

Kite yo menm bay madichon sou mwen,

men pou Ou menm, bay benediksyon.

Lè yo leve, yo va wont, men 20sèvitè Ou a va fè kè kontan.

Kite 21akizatè mwen yo vin abiye ak dezonè.

Kite yo kouvri yo menm ak pwòp wont

yo tankou se avèk yon manto.

Avèk bouch mwen, mwen va bay

anpil remèsiman a SENYÈ a.

Nan mitan gwo foul la, 22mwen va louwe Li.

Paske Li kanpe kote men dwat malere a

pou sove li de men a sila ki 23jije nanm li yo.

Source notes (23)
  1. Cross-reference Sòm 28:1
  2. Cross-reference Sòm 10:7
  3. Cross-reference Sòm 35:7
  4. Cross-reference Jn 7:7
  5. Cross-reference Pwov 28:9
  6. Cross-reference Trav 1:20
  7. Cross-reference Jr 18:21
  8. Cross-reference Sòm 9:5
  9. Cross-reference Egz 20:5
  10. Cross-reference Job 18:17
  11. Cross-reference Pwov 14:14
  12. Cross-reference Nonb 5:22
  13. Cross-reference Sòm 73:6
  14. Cross-reference Sòm 41:5
  15. Cross-reference Sòm 23:3
  16. Cross-reference Egz 10:19
  17. Cross-reference Sòm 35:13
  18. Cross-reference Sòm 22:7
  19. Cross-reference Sòm 119:86
  20. Cross-reference És 65:14
  21. Cross-reference Job 8:22
  22. Cross-reference Sòm 22:22
  23. Cross-reference Sòm 37:33

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.