Bib Sen An
Sòm Yo 108
Yon chan. Yon Sòm David
Kè m fèm, O Bondye; mwen va chante.
Mwen va chante lwanj ou, menm avèk tout nanm mwen.
Fè leve ap avèk lir!
Mwen va fè leve solèy la!
Mwen va bay remèsiman a Ou menm, O SENYÈ, pami pèp yo.
Mwen va chante lwanj a Ou pami nasyon yo.
Paske lanmou dous Ou a gran 2pase syèl yo,
e verite Ou rive jis nan syèl yo. 3
Leve wo, O Bondye, anwo syèl yo ak glwa Ou anwo tout tè a. 4
Pou sila ke Ou tèlman renmen an, kapab delivre.
Sove avèk men dwat Ou e reponn mwen!
Bondye te pale nan sentete Li a: “Mwen va leve wo,
Mwen va divize Sichem, e mezire tout vale Succoth la.
Galaad se pou Mwen. Manassé se pa M.
Ephraïm se kas sou tèt Mwen. 5
Juda se baton wayal Mwen.
Moab se basen lesiv Mwen.
Sou Edom, Mwen va jete soulye M.
Sou Philistie, Mwen va rele byen fò.”
Se 6kilès ki va mennen M antre nan vil fòtifye a?
Kilès ki va mennen M Edom?
Se pa ke Ou, Ou menm, O Bondye, te 7rejte nou an?
Èske Ou p ap sòti avèk lame nou yo, O Bondye?
O bannou sekou kont advèsè a,
paske delivrans a lòm se anven.
Avèk Bondye, nou va fè zèv vanyan. 8
Se Li menm ki va foule advèsè nou yo anba pye L.
Source notes (8)
- Cross-reference Sòm 57:7-11
- Cross-reference Sòm 113:4
- Cross-reference Sòm 57:5
- Cross-reference Sòm 60:5-12
- Cross-reference Jen 49:10
- Cross-reference Sòm 60:9
- Cross-reference Sòm 44:9
- Cross-reference És 60:12
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.