Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Sòm Yo 107

LIV 5

O bay remèsiman a Bondye, paske 1Li Bon,

paske lanmou dous Li dire jis pou tout tan.

Kite 2rachte a SENYÈ yo pale: “Se sa!”

Sila ke Li fin rachte soti nan men advèsè a,

e te 3ranmase soti nan peyi yo,

soti nan lès e soti nan lwès,

soti nan nò e soti nan sid.

Yo te 4mache egare nan dezè yo.

Yo pa t jwenn yon vil pou yo ta rete.

Yo te grangou ak swaf. 5

Nanm yo te fennen anndan yo.

Yo te 6kriye fò a SENYÈ a nan gran twoub yo,

Konsa, Li te delivre yo sòti nan twoub yo.

Anplis, Li te mennen yo pa yon chemen dwat,

pou rive nan yon vil ki deja etabli ak moun ladann. 7

Kite yo bay remèsiman a SENYÈ a pou lanmou dous Li a,

pou mèvèy Li yo anvè fis a lòm yo!

Paske Li te satisfè nanm swaf la, e 8

nanm grangou a, Li te ranpli li ak sa ki bon.

Te gen sila ki te viv nan tenèb yo ak nan lonbraj lanmò yo, 9

Prizonye yo nan mizè ak chenn yo,

akoz yo te fè rebèl kont pawòl Bondye a,

e te meprize 10konsèy a Pi Wo a.

Akoz sa, Li te imilye kè yo ak travay fòse.

Yo te chape tonbe e 11pa t gen moun ki pou bay yo sekou.

Epi nan gwo pwoblèm yo, yo te 12rele fò a SENYÈ a.

Li te delivre yo sòti nan gwo twoub yo.

Li te 13mennen yo sòti nan tenèb la,

nan lonbraj lanmò a, e te kase chire kòd li yo. 14

Kite yo bay remèsiman a SENYÈ a pou

Lanmou dous Li a ak pou mèvèy Li yo anvè fis a lòm yo!

Paske Li te 15kraze pòtay an bwonz yo,

e te koupe ba fè yo.

Yo te vin fou nèt nan rebelyon yo

e 16akoz inikite yo, yo te aflije.

Nanm yo te rayi tout kalite manje

e yo te rive toupre 17pòtay lanmò yo.

Konsa yo te kriye fò a SENYÈ a nan gran mizè yo,

e Li te sove yo sòti nan gwo pwoblèm yo.

Li te voye pawòl Li pou te geri yo,

pou te 18delivre yo sòti nan destriksyon yo.

Kite yo bay remèsiman pou Lanmou dous Li a,

ak mèvèy Li yo anvè fis a lòm yo!

Anplis, kite yo ofri 19sakrifis a remèsiman yo

e pale sou afè zèv Li yo ak chan lajwa.

Sila ki 20desann bò kote lanmè nan bato yo,

ki fè komès sou gwo dlo yo,

yo te konn wè zèv SENYÈ yo,

avèk mèvèy Li yo nan gran fon an.

Paske Li te pale e fè leve yon gwo van tanpèt,

ki te 21fè leve gwo vag lanmè yo.

Yo te leve jis rive nan syèl yo e te desann jis rive nan fon yo.

Nanm yo te 22fann avèk mizè.

Yo te gaye, bite tankou moun sou.

Yo te fin about nèt.

Yo te kriye a Bondye nan mizè yo,

e Li te mennen yo sòti nan twoub yo.

Li 23te fè tanpèt la vin kalm,

jiskaske vag lanmè yo te vin kalm.

Konsa, yo te kontan akoz yo te kalme,

e Li te gide yo pou rive nan pò ke yo te pito a.

Kite yo bay remèsiman a SENYÈ a pou lanmou dous Li a,

pou mèvèy Li yo anvè fis a lòm yo!

Kite yo 24leve L wo, anplis, nan asanble a pèp la,

e beni Li nan asanble ansyen yo.

Li 25chanje rivyè yo vin tounen dezè,

e sous dlo yo an tè deseche.

Yon tè fètil vin tounen savann tè sale,

akoz mechanste a sila ki rete ladann yo.

Li 26chanje dezè a vin tounen gwo sous dlo,

e tè deseche a an sous k ap koule.

Epi la, li fè moun grangou yo vin rete,

pou yo vin etabli 27yon vil ki plen moun,

pou yo ka plante chan yo, 28

plante chan rezen yo,

e ranmase yon gwo rekòlt.

Anplis, Li beni yo!

Yo 29miltipliye anpil,

e li pa kite bèt chan pa yo bese.

Lè yo 30vin febli, koube nèt,

akoz opresyon avèk mizè ak tristès,

Li 31vide wont sou prens yo e

fè yo vin mache egare nan yon savann ki san chemen.

Men Li 32fè malere a chita wo ansekirite,

byen lwen tout afliksyon,

e fè fanmi li yo byen pwoteje kon yon twoupo.

Moun 33dwat yo wè l e yo kontan.

Men tout mechan yo fèmen bouch yo.

Se kilès ki 34saj? Kite li bay atansyon a bagay

sa yo e konsidere lanmou dous SENYÈ a.

Source notes (34)
  1. Cross-reference II Kwo 5:13
  2. Cross-reference És 35:9-10
  3. Cross-reference Det 30:20
  4. Cross-reference Nonb 14:33
  5. Cross-reference Sòm 77:3
  6. Cross-reference Sòm 50:15
  7. Cross-reference Sòm 107:15-31
  8. Cross-reference Sòm 146:7
  9. Cross-reference Job 36:8
  10. Cross-reference Sòm 73:24
  11. Cross-reference Sòm 22:11
  12. Cross-reference Sòm 107:6
  13. Cross-reference Sòm 86:13
  14. Cross-reference Sòm 107:8-31
  15. Cross-reference És 45:1-2
  16. Cross-reference És 65:6-7
  17. Cross-reference Job 38:17
  18. Cross-reference Job 33:28-30
  19. Cross-reference Lev 7:12
  20. Cross-reference És 42:10
  21. Cross-reference Sòm 93:3,4
  22. Cross-reference Sòm 22:14
  23. Cross-reference Sòm 65:7
  24. Cross-reference Sòm 34:3
  25. Cross-reference I Wa 17:1-7
  26. Cross-reference Sòm 105:41
  27. Cross-reference Sòm 107:4-7
  28. Cross-reference II Wa 19:29
  29. Cross-reference Jen 12:2
  30. Cross-reference II Wa 10:32
  31. Cross-reference Job 12:21
  32. Cross-reference I Sam 2:8
  33. Cross-reference Job 22:19
  34. Cross-reference Sòm 64:9

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.